AYITI/POLITIK: MAGALIE HABITANT LAGE CHA A, OUBYEN LI PI SOUDE? ANN SWIV..

Depi kèk jou Magalie Habitant gwo militant PHTK ansyèn direktris SMCRS tounen yon mango mi ke tout moun ap lonje dwèt sou li nan tout kan menm pati lap goumen pou li a.

Byen bonè samdi 5 oktòb 2019 la de (2) vwa ap sikile sou rezo sosyo yo nan yon premye vwa anpil moun nan opozisyon an bat bwavo kè kontan ke militant lan ta divize ak prezidan repiblik la Jovenel Moïse epi ekip PHTK a ke li menm li denonse ki ta vle fini avèl.

Nan yon dezyèm vwa Magalie Habitant fè konnen se yon montaj vwa kap sikile a ye, li di li pap trayi Jovenel Moïse menm lè li pa prezidan peyi a ankò,si manda li ta bout lap toujou lite avèk li tout otan li egziste.

Nap raple pa twò lontan nan yon vwa Magalie Habitant te fè yon lavaj a presyon pou militan mèt Morin ki toujou akizel e site non li mal nan radio selon sa madanm nan di.

Kesyon anpil moun ap poze poukisa tout je fikse sou madanm nan konsa? Ki travay lap fè pou ekip PHTK a ak prezidan repiblik la? Ann swiv…

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/VYÒL: YON MACHANN SOSIS FÈ KADEJAK SOU YON ELÈV 10 LANE NAN TWALÈT LEKÒL LI.

Yon machann sosis, fè kadejak sou yon tifi ki gen sèlman 10 lane nan twalèt …