ESPÒ/FOUTBÒL: SELEKSYON U-17 SENAGAL LA MAL MENNEN TI GRENADYE YO NAN DÈNYE MATCH AMIKAL YO. 

Ekip Senegal u17 la malmennen ti grenadye yo nan dènye match chofe jarèt yo jounen lendi 21 oktòb 2019 la (4-1).

Senegalè yo ta pral make byen bonè nan match la apre yon erè ke Samuel Jeanty ta pral fè nan 2zyèm minit, malgre ti grenadye yo tap chèche egalize sa pat rive fèt, Soleyman ta pral make yon dezyèm gòl nan 33 zyèm minit jwèt la pou ekip Senegal la. Se avèk eka de (2) gol sa pwoteje Miguel yo te rantre nan vèstyè.

Soti sou pelouz la avèk de (2)gòl nan kan yo, grenadye yo pat rive redwi eskò apre pou egalize, yo ta pral pran de (2) gòl ankò nan (50′ epi 52′) avèk Soleyman pou double pèsonèl li.

Dany Jean ta pral redui eskò an pou ayiti sou yon koufran dirèk lè sa match la tap jwe 57 tyèm minit yo.

Seleksyon nasyonal U-17 la pèdi dènye match preparasyon an devan yon ekip ki pi fò pasel yon Gwo match pou ti Lyon yo.

Pwochen match grenadye yo se pou dimach 27 / oktòb / 2019 nan konpetisyon an avèk seleksyon kore di sid la lè an se 19hr 00.
Senegal ap jwe menm jou an kont etazini men pi bonè swa 17hr.00.

 

*OTÈ: JOCELYN COUYOUTE*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …