ESPÒ/BREZIL2019/U17: FIFA JWENN UIT (8) JWÈ NAN EKIP SENEGAL LA KI BAY FO LAJ.

Apre seleksyon Senegal la fin malmennen grenadye yo lendi 21 oktob 2019 la (4-1) nan yon match chofe jarèt, yon ankèt FIFA tap mennen sou jwè Senegal yo, dekouvri pou pi piti uit (8) jwè bay manti nan laj yo sa vle di yo gen plis ke 17 lane.

Selon rezilta ankèt la uit (8) jwè sa yo te fè fo akdenesans, yo gen plis ke 17 lane, jwè sa yo pap ka jwe koup dimond lan nan peyi Brezil ankò, komisyon disiplin nan pran sanksyon kont yo e mete yo deyò nan ekip Senegal la.

Nap raple Senegal nan gwoud D a ki gen ladann Etazini, Japon ak Peyiba, yo ta dwe jwe premye match yo ak ekip Etazini an 27 oktòb 2019 kap vini la. Senegal te jwenn chans li pou vin nan mondyal la apre yo te fin dekouvri ke ekip Gine a te bay manti nan laj de (2) jwè yo nan menm kesyon fo laj sa, FIFA te pran sanksyon kont Gine yo te mete li deyò epi ranplase li pa Senegal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …