AYITI/WÒL: KISA YON WISYE YE, KI WÒL LI NAN TRIBINAL YO?

Nan kad ribrik konesans nou jodi a nou ap pale de wòl yon wisye. Anpil moun konn gen tandans di « isye ».  Sepa isye, se wisye. Ki sa moun sa yo fè nan tribinal?

Dabò kite mwen di nou gen 2 sòt wisye: wisye odyansye ak wisye enstrimantan.

1) Wisye odyansye a se wisye ki patisipe nan odyans nan tribinal yo. Se li menm ki sonnen klòch la, mete lòd nan sal seyans lan lè jij la mandel poul fè sa. Se sou lòd jij la li travay swa pou mande silans nan sal la oubyen transmèt yon mesaj.
Se li menm ki siyifye desizyon tribinal la pandan pwosedi an kou. Rele temwen par egzanp.

2) Wisye Enstrimantan:  nou ka di Wisye enstrimantan oubyen wisye òdinè. Li se oksilyè avoka a. Se li ki notifye tout ak pwosedi yo, egzekite jijman yo.
Li se yon ofisye ki asèmante. Ak wisye enstrimantan fè yo rele « Eksplwa ». Kontrèman ak Wisye odyansye a wisye enstrimantan pa sou bidjè la repiblik. Li touche pou ak li siyifye ak jijman li egzekite.

Fòk mwen di nou tout Wisye yo paka siyifye nenpòt Ak.
Yon Wisye tribinal de pè pa ka siyifye yon Ak ki pa nan konpetans tribinal de pè.
Menm jan tou yon Wisye  tribinal sivil pa ka siyifye yon Ak ki pa nan konpetans tribinal sivil. Men li ka siyifye nòmalman tout ak ki nan konpetans tribinal de pè. Menm jan tou pou Wisye ki nan tribinal ki pi wo yo.

Map di tout moun ki tap li nou yon gwo mèsi. Si nou gen kesyon nou poze yo nan komantè.

Toujou swiv nou nap kontinye pote pi plis bagay pou ou chak jou.

Gédéon DELVA, jiris,jounalis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …