AYITI WÒL: KI SA YON DEPITE YE, KI WÒL LI NAN PEYI AN? KISAL DWE KOMIN LI SOTI AN? KI WÒL LI NAN LEJISLATIF LA?

Yon depite se reprezantan yon komin nan Pouvwa lejislatif Leta a.
Li gen de 2 travay ki pi enpòtan:
1: Analize lwa, debat sou lwa, kolèg li ak Leta.
2: Pwopoze lwa li menm li prepare
vote lwa
sou baz sa gouvènman an di l ap fè nan bidjè a, kontwole depans gouvènman an nan tout aktivite l nèt, sitou nan domèn komisyon li fè pati ak travay gouvènman an ap fè nan komin li.

Apa de (2) travay sa yo, depite a dwe kite plas pou l reponn envitasyon asosyasyon yo voye pou li nan aktivite y ap mennen, kèlkeswa kote nan peyi, men plis nan komin li:
fèt kiltirèl ou relijye, konferans, spò, elatriye.
Kòm reprezantan, depite a dwe travay pou repitasyon komin li.,
pale de pwoblèm komin lan nonsèlman nan chanm lan men tou lè l ap pale nan radyo; san twòp pawòl, depite a dwe fè pwomosyon pou komin li.

Pou travay pwomosyon an reyisi, depite a dwe fè efò pou l gen bon jan relasyon avèk majistra komin lan san li pa antre nan dirije pwojè, jere lajan pwojè nan komin lan.

Nan kad travay reprezantasyon an, depite a gen dwa pran kontak avèk anbasadè tou pou l chèche opòtinite pou komin li a, sitou anbasadè peyi kote genyen anpil moun komin li ap viv.

Men depite a se manb yon pati li ye tou. Pozisyon l genyen nan chanm lan dwe chita sou ideyoloji ak enterè pati politik li tou.

Lè depite a nan vakans, li dwe retounen nan komin li, vizite asosyasyon yo, vizite travay k ap fèt pou devlopman komin lan, replonje nan anbyans komin lan. Se moman tou depite a ka pwofite eksplike popilasyon an fonksyonman chanm lan, difikilte li jwenn nan travay la, siksè li fè.

OTÈ:
JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …