AYITI/IMANITÈ : PATI POLITIK AYITI AN AKSYON BAY YON SANTÈN FANM ZE AK POUL NAN DEPATMAN NIP

Kòdonatè jeneral pati politik Ayiti an aksyon (AAA), ansyen senatè Youry Latortue, remèt jounen samdi 28 dawout 2021 an nan komin Miragwàn, yon santèn fanm ze ak poul ki sòti nan divès komin nan depatman Nip ki te viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Kòdonatè jeneral pati AAA, ansyen senatè Youry Latortue, fè konnen sa se dezyèm faz pwogram pòs ijans tranbleman tè 14 dawout la, ansyen palmantè ki presize chak fanm sa yo resevwa kès ze ak poul ki evalye ak 10 mil goud (2000 $ ayisyen), lè yo fin vann li ki pral ede yo relanse biznis yo aprè tranbleman tè a ki lage yo ak 2 men yo vid.

Sou bò pa li, kòdonatè depatmantal Nip Ayiti An Aksyon (AAA), Claude Bléus, di li kontan anpil pou jès sa pati li reprezante a fè ak moun ki viktim anba katastwòf natirèl tranbleman tè a, mèt Bleus, pi lwen fè konnen gen yon komite swivi ki pral gen pou ede fanm ki pral fè biznis yo epi ba yo bon jan fòmasyon.

Kèk nan benfisyè èd la, remèsye manm kodinasyon kominal pati a ki te chwazi yo nan lis pou te kapab resvwa èd pou redemare biznis yo. Pandan yo pwofite bat bravo ak felisite ansyen palmantè a kite panse ak moun ki viktim nan depatman an Nip.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …