ESPÒ/EKSPATRIYE: MELCHIE DAËLLE DURMONAY SE JWEZ STADE DE REIMS NAN PEYI LAFRANS

Youn nan sipèsta foutbòl fanm nan peyi Dayiti, Melchie Daëlle Durmonay (Corventina) pran direksyon Ewop. Li angaje li ak club Stade de Reims, yon klèb kap evolye nan premye divizyon foutbòl feminen nan peyi Lafrans._

Melchie Daëlle Durmonay, 18 lane, ap gen pou kite peyi a pou ale evolye nan youn nan klèb feminen ki pi prestijye nan peyi Lafrans, Stade de Reims.

Daprè sit entenèt ki repite nan foutbòl feminen footofeminin.fr, non Melchie Daëlle Durmonay( Corventina) nan efektif klèb fransè a.

Sepandan, okenn enfòmasyon poko piblik ni sou dire kontra a, ni sou konbyen lajan nimewo 10 ekip olenmpik feminen ayisyen an ap gen pou touche.

Kredi foto:fb

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …