ESPÒ/  EKSPATRIYE : AJ AUXERRE KRABINEN AS NANCY NAN 6ÈM JOUNEN CHANPYONA DEZYÈM DIVIZYON FRANS LAN

Chanpyona dezyèm divizyon Lafrans lan tap jwe sizyèm jounenl AJ Auxerre ekip Arcus Carlens lan bat nan As Nancy (4-1).

Nan yon match prèske a sans inik pwoteje Jean-Marc Furlan yo mal mennen Nancy (4-1). koyekipye entènasyonal ayisyen an mennen byen bonè depi nan sizyèm minit gras ak Jubal (6′ : 1-0), vennkat minit (24′) apre swa trant (30′) nan tout jwèt la ekip vizitez la te pral double eskò an (0-2; 30′) gras ak yon gòl de Aly Ndon nan premye mitan an.

Sòti nan vestyè apre poz demi an Gaëtan Charbonye te pral make yon double pou pèmèt fòmasyon Auxerroise la mennen (4-0) gòl Ki make nan 63 ak 77 tyèm Minit. Moun Ki make pou Nancy se Warren Bondo nan 83′ sou penalite.

Li jwe tout entegralite match la li pran yon katon jòn sofa score bal yon mwayenn 6.6

Pou setyèm (7tyèm) jounen an Auxerroise yo ap resevwa Chamois Niortais jou kap 12 Septanm 2021 an nan estad Labbe- Deschamps an nan vil Auxerre.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …