AYITI /POLITIK:DEMACH « NAP MACHE POU LA VI »POU YON AKÒ GLOBAL,PLIZYÈ PATI POLITIK ASEPTE.

Nan lide pou pote yon solisyon ak pwoblèm kriz politik la nan peyi a,divès pati politik tankou « fos nasyonal pou demokrasi »(FND),MTV Ayiti,INITÉ apiye pwopozisyon « nap mache pou lavi »ki vize chache Yon akò global.

Fos nasyonal pou demokrasi fè konnen yo dakò ak chwa « Nap mache pou lavi »pou rasanble reprezantan 2 group yo pou prezante yon dokiman final tout fwa aktè politik yo asepte ,yon lot kote FND espere sitwayen yo nan sosyete sivil la pote kole pou pwofite okazyon sa ede jwenn Yon solisyon ak pwoblèm politik peyi a.deklare nan yon not ki pote siyati depité Serge Jean Louis,Rodon Bien aimé.

« Mwen pote soutyen ak pwopozisyon nap mache pou lavi pou mete sou pye group travay sa kap pemet nou soti nan kriz la ».deklarasyon Marie Denise Claude reprezantan pati politik INITÉ.

« Mwen salye inisyativ nap mache pou lavi,nou pa gen pou voye jete pyes pwopozisyon ki gen rapò Ak byennèt peyi a.Se sèl nan inyon nou kapab rezoud kriz politik peyi a ap fè jounen Jodi a »esplike MTV Ayiti »

Nap sinyale « nap mache pou lavi »pwopoze Yon gwoup travay pou yon akò final a travè akò montana,kap gen ladann li 5 manm,Yon reprezantan pwotokol antant nasyonal la(PEN),yon reprezantan akò 30 out la,yon reprezantan ti rès sena.yon reprezantan premye minis la ak Yon reprezantan nap mache pou la vi.

Marie Wanide Nencha Vernois

Kredi foto:juno 7

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …