ESPÒ/ELIMINATWA KOUP DIMONN 2022: BON NOUVÈL POU AJANTIN AK PSG.

Bon nouvèl pou Ajantin ak PSG. Apre Léonel Messi  te fin viktim de yon tak brital nan match Ajantin kont ekip Venezyela la, Messi pote li byen e lap ka jwe kont seleksyon brezilyèn nan dimanch pwochen._

Atakan Ajanten an te viktim yon tak vyolan nan match Ajantin tap jwe anfas ekip Venezyela la nan kad eliminatwa koup dimonn kata 2022; Messi te re2te atè a avan li te vin leve epi kontinye rankont lan.

Messi pote li byen. « La Pulga » patisipe nan antrenman kolektif ekip Ajantin nan vandredi 3 septanm 2021. Sa ki vle di, gen anpil posibilite pou atakan parizyen an disponib nan match chok ekip li ap gen pou jwe dimanch kont Brezil.

Ajantin ap jwe dimanch kap vini an kont ekip Brezil la nan match eliminatwa koup dimonn kata 2022.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:be soccer

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …