FOUTBÒL/AFRIK: YON ABIT FINI YON MATCH DE (2) FWA SAN MATCH LA PA RIVE NAN 90 MINIT

_Desepsyon nan foutbòl afriken an. Nan koup Afrik Nasyon an, nan match de poul ekip Mali kont ekip Tinizi a abit zanbyen an, Janny Sikazwe, sifle fen match la pandan de (2) fwa alòske, nan chak fwa sa yo, tan reglemantè yo potko prèt pou rive._

Abit zanbyen an mete fen an nan match la alòske te rete 5 minit reglemantè pou match fini sa ki te oblije ofisyèl yo fè abit la remake erè li a pou match la te ka rekòmanse.

Erè abitraj la pa t kanpe la. Nan moman match la pral rantre nan tan adisyonèl, te rete 5 segonn avan tan reglemantè a abit la chwazi mete fen yon lòt fwa nan match la alòske katriyèm abit la fè l siy pou tan adisyonèl yo jwe.

Ekip Mali a t ap mennen 1-0 sou ekip Tinizi a nan moman abit la kanpe match la. Sa ki te lakoz plim te leve sou do ban ekip Tinizi a. Se eskòt sekirite ki te mete kwatyò abitraj la deyò tèlman estaf teknik ak fanatik Tinizi te fache.

N ap raple, Janny Sikazwe ap patisipe senkyèm Can li e li abite match pandan koup dimonn 2018 ki te fèt nan peyi Larisi. Nan karyè l, li te sispandi pou « sispisyon » koripsyon apre yon match Lig Chanpyon Afriken, men sanksyon an te leve paske pa t gen ase eleman konvenkan

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …