ESKE SI YON NÈG TE RENMEN AK YON FANM PANDAN ANPIL TAN , SE LI KI PÈDI FI A LI VIN KITE’L AL MARYE AK YON LÒT LI DWE FI SA DEDOMAJMAN KISA LALWA DI NAN SA

Sa rive t deja nan sosyete nou an kote Yon fanm ak Yon nèg lontan sa , se nèg la ki montre’l tout lavi gason , Li pase tout kalite mizè ak nèg sa , nèg la rive twouve konnya li twò ba li kite’l pou li ale marye ak yon lòt fanm.
Nan ka sa Ann gade kek konsiderasyon jiridik yo. Eske renmen se Yon Kontra? Eske nan renmen gen angajman jiridik?
Lè 2 moun renmen se pa ni yon ak jiridik , ni Yon angajman fèm yonn pran vizavi lòt, moun ki renmen rete lib pou yo rete oubyen kite nenpot kilè. Kontrèman ak maryaj 2 moun ki ansanm pa dwe lòt ni fidelite, ni Sekou, ni asistans. Si yonn vle kite li pap gen pyès fòmalite li dwe ranpli.
Men si lè ex ou ap kite’w Li genyen Yon konpòtman ki koze’ w tò lajistis ka rantre nan kesyon an. Pa egzanp Si lèl kite’w Li pran kob ou , li kenbe machin ou , Li fè vyolans sou ou elatriye la ap gen kote pou lajistis aji.
Si nan renmen an nou te gen byen ansanm si nou pa ka antann nou se lajistis ki pwal deside koman pou yo separe.
Si nan renmen sa yon pitit te tonbe si nou pa rive antann nou sou timoun sa , se lajistis ki pwal tranche sou otorite parantal sou timoun nan, sou kote ti moun sa pwal rete, sou dwa vizit lot paran an , kòb pou timoun sa viv elatriye.
Si ou menm ak mennaj ou te achte Yon byen ansanm pa egzanp ,sou non moun byen an ye a se byen li, si’w te achte machin ba mennaj ou depil sou non’l menm lèl kite’w malonètman ou pa ka pran machin sa.
Antouka menm si ou te fè 10 ane renmen ak Yon nèg se li ki te pèdi’w ou pa , apre tan sa Li kite’w lal pran Yon lòt li pa fè pyès fot devan lalwa.
Si ou travay di pou okipe yon mennaj , mete’l lekol bal tout sal bezwen , Li vin wè ou pa sanble l li kite’w la’l pran yon lòt neg ou pa ka mande’l dedomaje’ w pou depans ou fè pou li e fanm ki kite’w la pa fè pyès fot devan lalwa.
Lèw depanse lajan pou pran swen fanm ou oubyen pran swen nèg ou se Yon devwa , se pa Yon envestisman .
Ou menm madmwazèl si nan renmen ou pataje tanw , ou fe règ bagay ak mennaj ou , si l pa vle’w ankò ou pa ka fosel rete ave’w e ni ou pa ka al lajistis poul dedomaje’ w ni pou tan li fèw pedi ni pou anpil bagay Li fe ave’w ak konsantman’w.
Nan renmen 2 moun pa gen okenn angajman jiridik.
Me Pelex Flereme ©©©
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.
A. Einstein.
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Si’w apresye travay sa klike sou link sa pi ba pou like paj Maitre Pelex la : https://www.facebook.com/fleremelaw/ . Pou plis detay ou ka teks nou sou whatsapp 3701 1865.
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Ce texte n’est pas sécable. Si vous souhaitez le partager, il doit rester entier et n’oubliez pas de mentionner sa source

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …