AYITI/KILTI: TOUT TI DETAY SOU KALBAS AYITI AK JAMES FRANCISQUE.

Kalbas Ayiti se yon òganizasyon sosyokiltirèl ki pran nesans li nan komin kwadèboukè nan lanne 2012. Yonn nan komin bandi achte lajan kontan, epi tou, ki gen yon enpak sou fonksyònman òganizasyon an tou. Syèj sosyal nou toujou rete Santo 6, nan sant kiltirèl Dede Dorcely. Kalbas Ayiti, se yon òganizasyon ki kwè devlòpman dirab peyi sa dwe pase apati nannan kiltirèl li, ki tou ofri pèspektiv pou kanpe yon lòt òd mondyal k ap bouske yon mounite inivèsèl plengrennen.

Sa ki mennen Kreyasyon Kalbas Ayiti
Kalbas Ayiti kreye nan yon kontèks ak nesesite pou mete kanpe yon estrikti solid ki vle sèvi défense kilti popilè pwopfon pèp Ayisyen an. Li se rezilta fizyon de asosiyasyon kiltirèl ki te egziste nan komin lan avan li. De estrikti sa yo, se te ideyal klèb literè ak lemodèn klèb. De klèb literè sa yo, te mete tèt yon ansanm pou lanse yon espas lodyans ak pèfòmans ki te rele kafe Ikla nan zòn marasa. Apre anpil refleksyon, nou te pral fizyone de estrikti sa yo pou bay nesans nan dat 20 septanm 2012 avèk Kalbas Ayiti.
> Misyon l ak kèk evènman li reyalize
Misyon espesifik KALAY ki se ti non jwèt li, se defann kilti popilè pèp Ayisyen an, ki jouke nan jouk vodou a ak lang kreyòl la pou gade kijan nou ka ede peyi a jwenn wout devlòpman dirab li nan paradig sila. Se yon misyon ki vini apre nou fin konstate gen yon volonte pou dyabolize kilti pèp la ak sa ki ladan ki bon. Sitou, sa ki gen pou wè ak dimansyon vodou a ki retranpe avèk lafrik. Pou nou pa di, gen yon kanpay anbachal k ap kontinye, nan lide pou jete nan raje sa ki idantifye nou avèk Afrik la. Alòske, ekriven Jak Estefèn Aleksi, nan reyalis mèveye Ayisyen an, di kilti pèp la, chita sou twa wòf dife sivilizasyon ki se sivilizasyon Taynòs yo, sivilizasyon afriken yo ak sivilizasyon oksidanto yo. Li ajoute pou di tou, pati lafrik la, se eleman detèminan nan kilti pèp la. Alòs, se li yo vle jete nan ranje. Nan sans sa, Kalbas Ayiti ap di tèt li, èske yon pèp ka devlòpe oubyen ponnmay li andeyò kilti li?
Nan sans sa, nou te tanmen mennen yon tralye evènman ki gen pou wè avèk medyasyon kiltirèl, vizit etnografik, panèl refleksyon sou posibilite pou genyen yon filozofi Ayisyen, tounen literè nan lekòl plis evènman 20 jou sou Ayisyanite nou an ki te derape depi nan lanne 2016.
> prezantasyon 8tyèm edisyon an
8tyèm edisyon evènman 20 jou sou Ayisyanite nou, ap demare anba tèm  » An n konprann mounite klasik ayisyen an nan lè teknoloji ak dijitalizasyon an « . Se yon evènman ki kòmanse depi 27 Jiyè 2024, nan lide pou raple nou memwa okipasyon Etazini an, ki te pwente sou peyi a, nan lannwit 27 Jiyè pou louvri sou 28 jiyè 1915, kote lanne sa make 109 depi vann enperyalis la ap tante detwi mounite klasik ayisyen an. Epi, evènman sila ap bout nan dat 14 Dawout 2024, nan lide pou raple memwa seremoni ak gwo wonmble bwa kayiman, kote Boukmann te lanse zak fondasyon nachon pèp Ayisyen an. Sa pou nou konnen, soti 27 pou 14, sa ba nou 19 jou. Kidonk, nou refoure men nou nan kalandriye istorik peyi a, pou ranmase 22 Dawout pou yon jounen restitisyon sou 19 jou aktivite sansibilizasyon ak pèfòmans sou Ayisyanite nou. Lanne sa, swit avèk dinamik ensekirite a, nou vle esplwate li apati rezososyo yo, nan tounen laprès tradisyonèl yo, konferans anliy ak prezansyèl, vizit gide ek etnografik. Nou ap prezan nan jeremi, Okay, Jakmèl, Lewogàn, Pòtoprens, Okap ak kèk lòt zòn ankò.
> Pou nou pale sou tèm lan
Mounite klasik ayisyen an se yon demach ki enskri tèt nan yon mounite ki nan yon kilti transandantal. Kivledi, gen yon moun aparan ki se mounite ki sèlman sibi yon sosyalizasyon ki penmèt li gen yon konesans pou li fonksyone selon sa sosyete li ladan enpoze li nan yon chema dominasyon, alyenasyon ak esplwatasyon. Alòs, gen yon mounite pwofon ki reponn avèk sans etimoloji mo a ( KIMUNTU), ki soti Kongo ki vledi yon antite kosmik ki gen yon enèji ki abite l pou gide l. Se yon mounite inivèsèl ki enskri tèt nan limit panse ekriven ayisyen Mesmin Gabriel, ki ekri yonn nan tèks li yo, ki rele  » Culture refus de la dimension humaine « . Pou otè a, kilti a anpeche nou moun. Moun moun, se lè yo gen evèy konsyans ki ba yo yon dimansyon kosmik ak ontolojik. Yon mounite nou vle chita sou twa wòf dife sivilizasyon nou te site anwo yo. Nou paka kite dèyè tou travay Jean C. Dorsainvil sou rechèch li ki te vle chita yon paradig kosmik avèk pratik vodou ayisyen an. Anplis, Mounite klasik ayisyen an nan lè nimerik la esprime de bagay. Li voye ak lide pou esplwate espas nimerik la pou gaye nouvèl, nan yon espas kote yo vle toufe diskou ki gen pou wè avèk mounite klasik sila. Epi tou, lè nimerik la temwaye nesesite yon kalte mounite nan espas sosyal yo. Paske, zafè lakonesans ak enfòmasyon gaye sou tout planèt apati entènèt la. Sa moun yo manke se kapasite pou konprann ak byen jouke enfòmasyon ak konesans sa yo nan lavi yo. Pou yo rive fè l, gen yon dimansyon transandans y ap bezwen nan lavi yo. Kidonk, se nan pwojè mounite inivèsèl la pou yo al bouske li.
> Sa ap revandike pou 8tyèm edisyon an
Pou edisyon sila, n ap revandike ansanm pwen sa yo, nan lide pou chita sa nou rele mounite klasik ayisyen an :
– Yon idantite ayisyanokaribeyen ki jouke nan twa sivilizasyon yo
– 14 Dawout la dwe konsakre jou ferye, nan lide pou komemore dat fondasyon mounite inivèsèl lavi a
– Lang kreyòl la dwe lang ansèyman peyi a. Tout liv pedagojik baz yo dwe ekri an kreyòl. Epi, n ap anseye aprenan yo pale anglè, fransè, espanyòl ak fon
– Mete nan pwogram kou filozofi a, filozofi Ayisyen an, ki defiran ak baz filozofi oksidantal la
– Baz sosyalizasyon ayisyen an dwe chita sou lojik panse kreyòl ayisyen an ki bobo ak oraliti Ayisyen an sou yon baz maranday ki pran ankont twa sivilizasyon yo
> Objektif 20 jou Ayisyanite a
Se rive penmèt tout pèp Ayisyen an, pran konsyans sou sa ki defini nou kòm ayisyen otantik ki valorize sòk idantite kiltirèl nou. Kidonk, lide a, se bouske idantite pèp Ayisyen an ak tout chan senbolik li; ki malerezman, ap sibi yon gwo kokenn chenn kriz. Yon katyouboumbe ki anpeche nou pran wout devlòpman dirab.
> Sa pou prevwa lanne sa
Nou prevwa mobilize kèk konpatriyòt pou ale fè yon vizit sou sit bwa kayiman. Yon vizit ki ap anmèmtan, etnografik pou rive konprann tout dimansyon senbolik ki kache dèyè sit bwa kayiman an. Mete sou sa, nou vle anime yon atelye refleksyon. San kite dèyè, yon seyans netwayaj ak abelisman sou sit la, ki souvan neglije.
> Pèspektiv sou aktivite a
Apre 20 jou sou Ayisyanite nou an, se rive mete kanpe yon revi k ap batize revi 20 jou sou Ayisyanite nou, nan lide pou kontinye vilgarize lide a nan tout peyi ak peyi etranje yo.

James Francisque

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …