LEMOND / ESPÒ : YO SANKSYONE DIRIJAN EKIP  » TURKS AND CAICOS » KI TE FÈ GWO DERESPEKTAN AK JWÈ SELEKSYON NASYONAL LA.

Federasyon « Turks and Caicos » sanksyone sekretè jeneral yo a Oliver Smith, ki te fè derespektan ak jwè seleksyon nasyonal la nan kad twazyèm jounen eliminatwa koup di mond  » Quatar 2022″.

Respomsab yo nan federasyon  » Turks and Caicos » bay yon sanksyon de (2) mwa ak Oliver Smith, pou derespektan li te fè al rale balon nan men jwè ekip nasyonal la aprè match Ayiti kont « Turks and Caicos » ki te fini dis (10) gòl a zewo (10-0) anfavè seleksyon nasyonal la.

 » Federasyon « Turks and Caicos » pran desizyon pou sanksyone sekretè jeneral nou Oliver Smith, ki pral pase de (2) mwa san li pa patisipe nan anyen ki gen pou wè ak foutbòl » , se sa ki ekri sou ait ofisyèl federasyon « Turks and Caicos.

Nou ap raple, aprè match Ayiti te fin jwe samdi pase a kont ekip  » Tuks and Caicos », pandan jwè seleksyon nasyonal yo te chita sou tèren an ak boul nan men yo brid soukou sekretè jeneral federasyon an te deside vin rape boul la nan men jwè ayisyen yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …