OLYMPUS DIGITAL CAMERA

MMM ! PAPA JODIA A SE FÈT OU?

An Ayiti ak anpil kote nan mond lan, fèt manman fete kòmsadwa, toupatou moun ap selebre manman yo, onore yo, ba yo kado, fè yo plezi menm si souvan se pou sèl jou fèt la. Fèt manman yo fete ann Ayiti dènye dimanch mwa me, touswit nan mwa jen dènye dimanch lan se fèt papa yo, èske nou te konn sa ? Nou pa t konn sa ! Se pa fòt nou, paske anpil fwa tout moun bliye fèt sa, yo pa fete l menm jan ak fèt manman yo osnon yo pa fete l ditou. Sa k dwe fè fèt papa yo neglije konsa ? Nou pa gen repons la, men nou ka eseye reflechi sou sa, nan yon ti brase lide tou kout sou wòl mouche gason anndan sosyete yo.

Nan sosyete yo gason gen wòl yo, fanm gen wòl yo, gen yon jan sosyete yo wè gason yon jan yo wè fanm, menm si wòl yo konn chanje. Kidonk, wòl nou souvan tou trase depi menm anvan nou grandi, nou jis pran fòm yo. Yon fanm dwe konn 10 dwèt li, li dwe byen okipe mari l, pran swen fanmi l, bay mari l lanmou, yon gason dwe travay di pou pran swen fanmi l, okipe pitit li, pran tout reskonsablite l. Men, sa pa vle di jan sosyete a mete wòl yo nou oblije antre ladan yo konsa, w ap toujou jwenn moun ki pa antre nan wòl yo, sa pa yon pwoblèm, chak moun mennen lavi l jan l santi l byen.

Anndan sosyete yo, ann Ayiti menm, medam yo jwe wòl yo depase, souvan yo jwe 2 wòl yo, yo manman yo papa tou. Menm si yo pa gen mwayen pou sa, men yo gen fyèl, yo gen kouraj pou goumen pou elve pitit yo. Medam yo travay kay madanm, yo vann tout kalte batanklan pèpè, genyen ki konn menm rive tonbe nan brase ren pou bay pitit yo lavi, lè konsa kote nou ye ? Nou menm ki patisipe nan zak la, nou menm yo rele papa, kote nou ye ? Pa bò isit gen yon pawòl ki pawòl ki ta fè kwè pitit se manman sa genyen li pa gen papa, ebyen zòt tou pran woulib sou sa. Se kouraj manman yo, nannan yo genyen pou sibi epi rete kanpe ki fè yo fete yo kòmsadwa, se pa san rezon yo rele yo poto mitan.

Men fòk nou di tou, gen papa ki jwe wòl plis pase yon manman, yo pa fè diferans nan mitan pitit madan marye ak pitit fanm deyò, yo okipe tout pitit yo. Yo toujou la pou defann, fwaye yo, fanmi yo nan nenpòt sikonstans. Nou paka di m nou pa konn tande fraz sa : « si kay la te gen gason derespektan sa pa t ap fèt ». Gason ki jwe wòl yo, papa ki pran reskonsablite yo dwe jwenn rekonpans, yo dwe onore yo, ba yo kado menm jan ak manman yo, fèt papa a pa dwe pase tankou pise chat. Menm jan nou bay manman yo enpòtans se konsa pou nou sipoze bay papa yo valè yo,  gen anpil ki san sal, vakabon, pwofitè san karaktè, anmenmtan, genyen ki pito pote, lave machin, jeran lakou, pwofesè lekòl, chofè kamyonèt pou bannou ledikasyon, ki fè   jodi a nou ka moun nou ye a, kidonk ann onore. Mesye ann leve pye nou, paske se pwòp imaj nou bay ki fè fèt papa yo pase konsa, ann voye yon lòt imaj, imaj yon papa ki gen nannan, ki djanm, ki pran reskonsablite l. konsa, nan 100 tan ankò fèt la ap sanble kou 2 gout ak fèt manman ! Bon fèt ak tout papa ki rele papa nan pran reskonsablite yo kòmsadwa !

MED
dorvelus812@gmail.com


(509

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …