Sesyon egzamen ekstrawòdinè bakaloreya yo ap dewoule jodi lendi 13 out la pou rive vandredi 17 dawout 2018 kap vin la malgre elèv ki te konpoze nan ka spesyal yo poko jwenn rezilta.
Résponsab ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl yo fè kwè tout dispozisyon deja pran pou fasilite bon dewoulman egzamen yo sepandan ,anpil elèv ki te nan ka espesyal yo ap plenyen paske yo poko janm jwenn rezilta alòske egzamen sesyon ekstraòdinè yo ap dewoule semèn sa. Elèv sa yo ki poko konn si yo elimine, si yo ajoune, si yo reyisi mande pou otorite konsène yo pou di yon mo pou yo.
Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020