AYITI/SEKIRITE : » MWEN FÈ SA M KAPAB POU M TE ESEYE METE LÒD, MEN BAGAY LA TE VIN KONPLIKE », LÉON CHARLES

_Nan yon mesaj vokal k ap sikile sou rezo sosyal yo kote ansyen direktè Lapolis Nasyonal Dayiti a, Léon Charles, adrese li ak fanmi li e kèk zanmi l, li fè konnen li te fè tout sa l kapab pou l te mete lòd, men bagay yo te vin konplike li te oblije deplase._

« Bagay la te difisil. Anpil gang, anpil lòt enplikasyon plizyè sektè vin konplike l », afime nan mesaj vokal ansyen direktè Lapolis Nasyonal Dayiti pandan de (2) fwa a, Léon Charles.

Ansyen responsab Lapolis la fè konnen li fè sa l kapab pou te eseye mete lòd.  » M fè sa m kapab pou m te eseye mete lòd, men bagay la te vin konplike m te deside deplase. »

N ap raple se sou administrasyon Léon Charles kòm direktè Lapolis Nasyonal Dayiti ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, te asasinen 7 jiyè 2021 lakay li nan pèleren 5.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …