AYITI/REYAKSYON: GUY PHILIPPE REYAJI SOU VIKTWA DONALD TRUMP LAN.

Ansyen chèf rebèl nan lane 2004 la, Guy Philippe bat bwavo pou viktwa ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump fè sou Kamala Haris nan eleksyon 5 novanm 2024 yo.

Selon Guy Philippe viktwa Trump la se yon bon nouvèl pou pèp ayisyen an, li fè konnen kesyon Trump pral voye tout ayisyen tounen an se te yon pawòl kanpay, li ale pi lwen pou li di tout sa ki ap rive nan peyi Dayiti yo kote bandi ap taye banda, asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse, lame kraze pou repete sa yo se demokrat yo ki dèyè yo, li fè konnen viktwa sa pral kanpe gè Ikrèn ak Larisi a ak tout lòt gè ki vle eklate nan mond lan yo.

Yon lòt bò Guy Philippe deklare twoup peyi Kenya yo ke li kalifye de mèsenè pap jwenn lajan pou yo gagote san yo pap regle anyen serye nan peyi a paske administrasyon Trump lan pa pral debloke lajan pou yo.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager