Etazini/Jistis/ »Droit du sol »: Yon jij Federal nan eta « New Hampshire bloke yon dekrè Donald Trump.

Yon jij federal nan eta « New Hampshire » nan peyi Etazini pran desizyon pou bloke dekrè prezidan ameriken an Donald Trump vle pran kont timoun ki fèt sou sòl peyi Etazini yo sa yo rele nan lang franse « Droit du sol » la.

Jij Joseph LaPlante kanpe an kwa nan dat 10 jiyè 2025 lan, dat ki te prevwa pou aplike dekrè sila ki vle amande yon pati nan konstisyon an ki di depi timoun nan fèt sou sòl ameriken an li se ameriken otomatik menm lè paran li yo ta ilegal e yo pa ta gen papye.

Apre blokaj sa, administrasyon Trump lan gen sèt (7) jou pou yo fè apèl si yo ta toujou vle kenbe desizyon yo a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Koripsyon: RHAJAC rele anmwey pou premye minis defacto a e pran yon gwo desizyon.

« Réseau haïtien des journalistes anti-corruption » ki gen pou sig « RHAJAC » rele anmwey pou premye minis …