Espò/Eliminatwa: (3-0), eskò pou 17tyèm jounen eliminatwa koup dimond zòn amerik disid la.

17tyèm jounen eliminatwa koup dimond 2026 la pou zòn amerik disid la bay yon eskò (3-0) nan tout match yo sof ekip Paragwe a ki fè yon match nil (0-0) ak ekip Ekwatè a.

Ekip Ajantin nan ki te ap resevwa ekip Venezyela a nan estad « Estadio Monumental » fè yon viktwa (3-0), nan match sila, Lionel Messi make de (2) gòl (39′,80′) epi L.Martínez make yon gòl (76′), apre viktwa sa esta ajanten an Lionel Messi deklare se dènye match li pou ekip Ajantin nan.

Brezil bò kote pa li ki te ap resevwa Chili nan estad Maracanã fè yon viktwa (3-0), moun ki make yo se Estêvão (38′), Lucas Paqueta (72′), B. Guimaraes (76′).

Irigwe kase mete nan men ekip Pewou a (3-0) nan
estad Centenario a, R. Aguirre (14′), G. De Arrascaeta (58′), F. Viñas 80 se jwè ki rive make yo.

Bolivi tonbe lakay ekip Ekwatè a nan estad « Roberto Melendez Metropolitan Stadium » (3-0), moun ki make yo se: James (31′), J. Córdoba (74′), J. Quintero (83′).

Dènye jounen an ap jwe madi 9 septanm 2025 ki ap vini la men kijan afich la ap ye:

Ekwatè – Ajantin
Chili – Irigwe
Bolivi -Brezil
Venezyela – Kolonbi
Pewou – Paragwe

Apre match 17 jounen eliminatwa yo, klasman an pou zòn amerik disid la prezante konsa:

1-Ajantin 38 pwen
2-Brezil. 28
3-Irigwe 27
4-Ekwatè 26
5- kolonbi 25
6-Paragwe 25
7-Venezyela 18
8-Bolivi 17
9-Pewou. 12
10-Chili 10.

About Echojounal

Check Also

Sport/Premier League: Chelsea, Liverpool, Manchester City coulent pour la neviéme journée de premier league.

Chelsea tombe pour la neviéme journée de premier league face à Sunderland (1-2) à Stamford …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager