Espò/Eliminatwa: Kou di pou seleksyon nasyonal foutbòl la.

Seleksyon nasyonal foutbòl la pap kapab konte sou gadyen yo a, Pierre-Alexandre ki oblije kite ekip la.

Selon federasyon an, Pierre Alexandre ki te jwe kont ekip Ondiras la genyon pwoblèm pèsonèl ki anpeche li jwe dezyèm match seleksyon nasyonal la nan gwoup C a pou eliminatwa koup dimond 2026 lan devan ekip Kosta rika a, sa ki pouse federasyon ayisyèn nan fè apèl ak Grant Franck Levéillé pou ranplase li.

Grant Franck Levéillé, se yon jèn ki gen sèlman 17 lane, li pral pote koulè seleksyon nasyonal senyò a pou premye fwa kote, li pral gen pou li kanpe anba kan ekip ayisyèn nan devan ekip Kosta rika a madi 9 septanm 2025 lan ki ap vini la.

Nou ap fè ou konnen nan premye match gwoup C a pou match eliminatwa koup dimond 2026 lan tout ekip yo te fè match nil, Ayiti-Ondiras (0-0), Kosta rika-Nikaragwa (1-1).

About Echojounal

Check Also

Sport/Premier League: Chelsea, Liverpool, Manchester City coulent pour la neviéme journée de premier league.

Chelsea tombe pour la neviéme journée de premier league face à Sunderland (1-2) à Stamford …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager