Espò/Eliminatwa: Move pa pou Brezil ak Ajantin nan lannwit 9 septanm 2025 lan.

Nan kad match eliminatwa pou koup dimond 2026 lan ki pral fèt nan peyi Etazini/Kanada/Meksik pou zòn amerik disid la Ekip Brezil la ak ekip Ajantin nan tonbe devan advèsè yo a.

Ekip Brezil la ki te an deplasman kay Bolivi tonbe (1-0) nan « Estadio Municipal El Alto », M.Terceros ta pral make grenn gòl match la sou penalite nan 49vyèm minit nan jwèt la. Apre defèt sa ekip Brezil la desann an senkyèm pozisyon.

Ekip Ajantin nan bò kote pa li ki tap twoke kòn li ak ekip Ekwatè nan « Estadio Monumental Isidro Romero Carbo » tonbe (1-0), yon gòl E.Valencia te make sou penalite nan 58tyèm minit.

Ekip Chili a ki tap resevwa Irigwe nan « Estadio Nacional Julio Martínez Prádanos » fè yon match nil (0-0).

Ekip Venezyela a ki tap resevwa Kolonbi nan « Monumental de Maturín » tonbe (3-6) malgre se yo ki te fè gòl anvan. T. Segovia 3′,
J. Martinez 12′,ak S. Rondón 76′ te make pou Venezyela e Y. Mina 10′, L.Suárez 42′, 50′, 59′, 67′ ak J. Córdoba 78′ make pou Kolonbi.

Ekip Pewou a ki tap resevwa Paragwe nan  »Estadio Nacional » tonbe (0-1), M. Galarza te make grenn gòl match sa nan 78tyèm minit.

Nou ap fè ou konnen se dènye jounen math eliminatwa koup dimond 2026 la pou zòn amerik disid la ki tap jwe, apre rezilta sa yo klasman prezante konsa.

1- Ajantin 38 pwen
2- Ekwatè. 29.
3- Kolonbi 28
4-Irigwe. 28
5-Brezil. 28
6-Paragwe. 28
7- Bolivi. 20
8- Venezyela 18
9- Pewou. 12
10- Chili. 11.

Ajantin, Ekwatè, Kolonbi, Irigwe, Brezil, Paragwe se ekip sa yo ki kalifye pou koup dimond 2026 lan pou zòn amerik disid la.

About Echojounal

Check Also

Sport/Premier League: Chelsea, Liverpool, Manchester City coulent pour la neviéme journée de premier league.

Chelsea tombe pour la neviéme journée de premier league face à Sunderland (1-2) à Stamford …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager