Plizyè kliyan « Bank Nationale de Crédit » (BNC) viktim de yon tantativ asasina jounen jedi 16 oktòb 2025 lan anba men sekirite bank sila nan Dèlma 32.
Selon enfo nou rive jwenn sekirite « Bank Nationale de Crédit » yo tante pou te touye plizyè kliyan ki te vin pran sèvis nan bank sila apre youn nan kliyan yo te genyon « bezwen » e te al mande sekirite yo pou ede li e sekirite yo pat aksepte ede li jere sa, yo te prefere pete gwo eskonbrit ak kliyan an jis yo rive maspinen li ak kou.
Sa ki ta pral soulve kòlè lòt klian yo jis sekirite yo te antre nan pran telefòn kliyan ki tap fimen sèn nan, selon enfo yo sekirite yo te fè anpil presyon sou kliyan yo kote, yo te tire jis pou pran telefòn youn nan yo. Yon aksyon ke anpil moun kritike. Kliyan ke ajan sekirite yo pran telefòn li an deja pran chimen lajistis ak dosye a.
Kesyon anpil moun ap poze, kijan pou yon kliyan fè vin pran sèvis nan yon bank pou twalèt kenbe li, pou bank lan pa aksepte ede li, pou ap di li ale nan yon lòt antrepriz ki pa gen okenn rapò ak bank lan, pandan moun nan kanpe nan yon liy men longè anba yon solèy cho, pou ajan sekirite ap bat klyan, rale zàm sou kliyan, tire sou kliyan, pran telefòn kliyan, sa sa vle di? E si bal la te pran kliyan?
Nou ap fè ou konnen de (2) moun sa yo ajan sekirite yo maspinen e pran telefòn youn ladan yo paske li tap fime sa ki te ap pase a, selon enfo yo moun sa yo se anplwaye ONA.
Echojounal echojounal.net