Pandan nou ap pwoche dat 7 fevriye 2026 la, ki sipoze make fen manda Konsèy Prezidan Tranzisyon chak moun fè ti kout la (CPT), kapital peyi Dayiti a leve nan yon gwo kouri ak yon anbyans lagè maten vandredi sa a. Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) deplwaye yon gwo aparèy sekirite kote yo bloke tout aksè ki mennen nan Palè Nasyonal ak Villa d’Accueil, syèj Primati a.
Depi douvan jou, plizyè machin blende PNH la pran pozisyon nan kafou estratejik ki mennen nan sant vil la ak nan zòn Musseau. Aksè nan Channmas ak nan lari ki antoure biwo Leta yo totalman entèdi pou pyeton ak chofè. Operasyon sa a sanble se yon estrateji pou anpeche nenpòt envazyon oswa manifestasyon ki ta vize dechouke manm CPT yo nan moman dout ap plane sou avni politik peyi a.
Nan divès katye nan Pòtoprens ak zòn ki bò kote li yo, gwo kout zam fann fwa tande depi byen bonè nan maten. Sitiyasyon sa a lakòz yon panik total nan popilasyon an:
- Lekòl yo: Pifò direktè lekòl nan zòn metwopolitèn nan deside pa louvri pòt yo pou evite mete lavi elèv yo an danje. Sa ki te gentan rive nan klas yo te oblije kouri tounen lakay yo anba presyon bal.
Tansyon sa a moute plizyè kran paske akò ki te mete CPT a sou pye a te prevwa fen misyon yo pou dat 7 fevriye 2026. Men, akòz kriz sekirite a ki pa janm sispann ak eleksyon ki pa reyalize, peyi a twouve li nan yon enpas total. Pou anpil moun nan popilasyon an ak nan klas politik la, dat sa a reprezante yon pwen de manti kote lejitimite pouvwa an plas la ap kesyone pi rèd.
Jiska prezan, okenn nòt ofisyèl nan men otorite yo pa soti pou eksplike operasyon sa a, men prezans blende yo ak kout zam yo montre aklè ke jou ki ap vini yo pral desizif pou lavni tranzisyon an.
Echojounal echojounal.net