Pandan klas politik ayisyen an ap dechire tèt li pou chèz boure epi neye nan koripsyon, vwazen an bò kote a, Repiblik Dominikèn, kontinye ap mete beton nan sekirite nasyonal li. Vandredi 20 fevriye 2026 sa a, gouvènman dominiken an siyen yon kontra 24 milyon ero ak peyi Potigal pou achte 4 gwo batiman lagè (patrouilleurs) pou siveye lanmè yo.
Akò sa a, ki siyen ant minis Defans de peyi yo, pral pèmèt Marin Dominiken an (Armada) gen plis fòs pou kontwole dlo li yo. Kat bato sa yo (Klas Tejo) pral sèvi pou:
Kouri dèyè trafikè dwòg ki ap pase nan lanmè.
Siveye fwontyè maritim yo kont nenpòt menas.
Pandan yo depanse 24 milyon ero sa yo, otorite dominiken yo voye yon mesaj klè: Leta ap travay pou pwoteje teritwa li.
Pandan tan sa a, Ayiti nan « Kraze Brize »
Konparezon an fè mal pou nenpòt moun ki renmen Ayiti. Pandan Sen Domeng ap planifye sekirite li sou 10 an, an Ayiti, se yon lòt reyalite:
Gwo goumen pou pouvwa: Klas politik la bloke nan yon batay san fen pou konnen kilès ki ap prezidan oswa minis, pandan popilasyon an ap soufri anba grangou ak ensekirite.
Koripsyon ki ap depatcha Leta: Lajan ki ta dwe sèvi pou achte ekipman pou Lapolis oswa fòs lame ayisyen an souvan fini nan pòch kèk dirijan ki pa gen konsyans.
Yon peyi san gad kòt: Pandan Dominiken yo gen bato modèn, kòt ayisyen yo rete tounen « paswa » kote gang ak trafikè fè sa yo vle san pèsonn pa rete yo.
Sa ki ap pase la a se pa yon kesyon manke lajan sèlman, se yon kesyon vizyon. Repiblik Dominikèn ap chèche estabilite pou atire touris ak envestisman, alòske an Ayiti, enstabilite a tounen yon biznis pou yon elit politik ki pèdi bousòl.
Pandan vwazen an ap monte yon nivo nan sekirite rejyonal, lidè ayisyen yo ap kontinye naje nan yon dlo sal kote enterè pèsonèl pase anvan enterè nasyon an. Kesyon an rete poze: Konbe tan ankò Ayiti ap rete ap gade lòt peyi ki ap pwogrese pandan li ap detwi pwòp tèt li?
Echojounal echojounal.net