Ayiti/Kontra 542 milyon dola ak konpayi Erik Prince la: Yon kout kouto nan do lalwa ak transparans nan peyi Dayiti?

Pandan peyi a ap debat anba yon kriz sekirite san parèy, yon gwo dosye lajan Leta ap fè dlo koule nan je moun ki kwè nan transparans. Rezo Ayisyen Jounalis Anti-Kòripsyon (RHAJAC) leve vwa li byen fò pou li denonse yon kontra 542 634 238 dola ameriken Leta siyen ak konpayi « Evergreen Trading System Limited », ki se pwopriyete Erik Prince.

Dapre RHAJAC, kontra sa a, ki sipoze dire 10 ane, se yon « zak ilegal » ki pase anba pye tout prensip enstitisyonèl peyi a. Men poukisa dosye sa a ap santi kòripsyon ak magouy :

1. Yon Lakou de Kont ki « ekspire »
Premye gwo pwoblèm RHAJAC leve, se lejitimite moun ki valide kontra a. Mandat konseye nan Lakou Siperyè de Kont ak Kontansye Administratif (CSC/CA) fini depi 6 avril 2024. Nan yon Leta de dwa, moun ki pa gen manda ankò pa ka angaje peyi a sou yon kontra ki vo plis pase mwatye milya dola vèt. Èske se « afè kouran » yo ap regle la, osinon se pwofite yo pwofite vid enstitisyonèl la?

2. Pa gen Palman, pa gen Kontwòl
Nan sistèm nou an, yon depans gwo konsa ki touche sekirite ak souverènte peyi a dwe pase anba je reprezantan pèp la nan Palman an. Jodi a, pa gen ni Depite ni Senatè pou poze kesyon. Siyen yon kontra 542 milyon dola nan fènwa, san okenn deba demokratik, se louvri pòt byen laj pou lajan taks pèp la al jwenn enterè prive san kontrent.

3. Ijans sekirite a: Yon pretèks pou kòripsyon?
RHAJAC klè sou pwen sa a: nou bezwen sekirite, men sekirite a pa ka sèvi eskiz pou nou dechèpiye kès Leta. Lè nou konnen kiyès ki dèyè konpayi sa a (Erik Prince, yon nonm ki gen anpil kontwovès nan kesyon lame prive nan nivo entènasyonal), sa ta dwe pouse otorite yo pou yo plis pridan ak transparan.

« Èske manm Lakou de Kont yo ka travay ak endepandans tout bon vre pandan manda yo fini epi yo anfas yon egzekitif ki pa gen okenn kont-pouvwa? » – Se kesyon sa a Sekretè Jeneral RHAJAC la, Djovany Michel, poze ki montre jan enstitisyon yo an danje.

Fas ak sa RHAJAC rele yon « vis lejitimite », òganizasyon an mande de (2) bagay ki esansyèl:
* Sispann ekzekisyon kontra a imedyatman.
* Rann piblik tout dokiman ki gen rapò ak kontra sa a pou nasyon an ka konnen sa k ekri ladan l.

Lajan peyi a pa ka ap gaspiye nan kontra dwòl pandan pèp la ap mouri grangou epi anba bal. Batay kont kòripsyon an dwe kòmanse nan respekte lalwa, menm nan moman kriz.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Remaniman: Serge Gabriel Colin pran tèt Ministè Finans

Nan yon mouvman ki montre volonte li pou li akselere aksyon gouvènman an, Premye Minis …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager