Chif yo tonbe ankò, tankou yon rityèl byen òdone kote se sèlman kantite viktim yo ki chanje. Plis pase 17 500 moun ki reprezante anviwon 4 200 fanmi kouri kite kay yo anba bal nan zòn metwopolitèn nan, sitou nan komin Site Solèy, pandan de (2) dènye semèn sa yo. Se Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) ki bay estimasyon sa yo, e se Farhan Haq, pòt pawòl adjwen Sekretè Jeneral Nasyonzini an, ki te ap li yo byen frèt nan yon pwen de près madi 26 me 2026 la.
Men, dèyè statistik sa yo, gen yon reyalite ki pi frapan e ki pi revòltan : sistèm ki sipoze ap ede peyi a tounen yon machin ki ap woule sou do malere, pandan plizyè aktè ap tire pwofi sou soufrans pèp la.
Pou anpil obsèvatè ak sitwayen ki ap viv nan lanfè Pòtoprens la, wòl ajans entènasyonal yo vin limite nan yon sèl bagay : konte. Yo konte deplase yo, yo konte moun ki blese, yo konte kadav, epi yo pibliye kominike pou eksprime « gwo enkyetid » yo.
Olye yo atake rasin pwoblèm sekirite a oubyen enpoze sanksyon solid sou moun ki ap finanse laterè a, yo prefere jere kriz la tankou yon fon de komès. Chak nouvo vag deplase se yon okazyon pou yo mande plis lajan nan men peyi donatè yo, lajan ki ap pase nan gwo estrikti biwokratik pandan se sèlman yon ti kras ki rive nan asyèt moun ki grangou yo nan 33 sit refijye yo.
Pandan pèp la ap deperi, nan tèt Leta a, se yon lòt reyalite ki ap jwe. Gouvènman defakto ki an plas la sanble gen yon sèl priyorite : kenbe pouvwa a pa tout mwayen pou yo ka kontinye jwi gwo liks ak avantaj Leta ofri.
Men, pi gwo eskandal la chita nan fason pouvwa sa a ap negosye ak kominote entènasyonal la. Pou yo ka jwenn benediksyon politik ak sipò diplomatik pou yo rete sou fotèy la, dirijan sa yo pa ezite bay gwo konpayi entènasyonal ak plizyè branch nan sektè prive lokal la kontra gwo anpoul. Kit se nan lojistik misyon sekirite yo, kit se nan jere èd imanitè a oubyen lòt pwojè bidon, lajan Leta a ap distribye bay enterè etranje ak patnè lokal yo, olye li sèvi pou fòme ak ekipe fòs sekirite nasyonal yo tout bon vre.
Sitiyasyon sa a mete an lide yon konplisite twa tèt ki ap souse san peyi a :
1. Gouvènman an ki bezwen lejitimite entènasyonal pou li pa pèdi pouvwa a ak kontra yo.
2. Kominote entènasyonal la ki jwenn yon gouvènman fleksib ki ap siyen tou sa yo vle, pandan yo ap jistifye prezans yo ak chif deplase yo.
3. Yon pati nan sektè prive a ki ap fote men li paske yo jwenn moso pa yo nan gwo kontra lojistik ak apwovizyonman sa yo.
Se yon sèk visye kote malè pèp la tounen yon biznis ki bay rannman. Pandan nou ap konte 17 500 deplase anplis pou mwa me sa a, lòt yo ap konte pwofi yo ak jou yo fè anplis sou pouvwa a. Toutotan sistèm konplisite sa a pa demaske e kraze, Chif OIM yo ap kontinye monte, e se pèp la ki ap kontinye peye pri a ak lavi li.
Echojounal echojounal.net