Nan yon tounan ki pa te espere nan kad eliminatwa yo, ekip nasyonal U20 Ayiti a fè yon pa enpòtan vè kalifikasyon li san li pa menm bezwen chofe krampon li jodi lendi 2 mas 2026 la. Konkakaf pran yon desizyon sevè ki boulvèse klasman gwoup la, men ki bay seleksyon nou an yon avantaj estratejik.
Aprè gwo eskonbrit ki te pete nan dènye rankont ant Giyan ak Anngiya, komite disiplin Konkakaf la frape fò. De ekip sa yo diskalifye ofisyèlman pou rès konpetisyon an. Kòm konsekans dirèk, match Ayiti te dwe jwe jodi a kont Giyan anile, epi Ayiti deklare viktorye pa fòfè sou yon skò (3-0.)
Viktwa sa a pèmèt Grenadye yo konsolide pozisyon yo nan tèt klasman an san yo pa depanse enèji fizik, yon pwen enpòtan lè n konsidere jan kalandriye a chaje.
Pakou Ayiti nan eliminatwa yo
Depi kòmansman konpetisyon an, ti Grenadye yo montre anpil detèminasyon.
Kounye a, tout je fikse sou dènye match la. Avèk pwen sa yo nou sot rekòlte a, rankont ki ap vini an transfòme an yon veritab final. Se pa sèlman yon match foutbòl, se paspò yon jenerasyon pou yo ka al reprezante drapo nou nan Mondyal la ak nan Je Olenmpik yo.
Antrenè a ak ekip teknik la fè konnen jwè yo rete konsantre. Pwofite tan repo sa a pou mase kò ak revwa taktik se priyorite a, paske dènye etap la pral mande anpil disiplin ak kouraj.
Sipò nasyon an ap yon motè prensipal pou jèn sa yo ki ap chèche ekri yon nouvo paj nan listwa foutbòl ayisyen an.
Echojounal echojounal.net