Atmosfè a chofe anndan Primati a ak nan koridò pouvwa a pandan nou ap tann rezilta Konsèy Minis ki te ap fèt jodi a anba direksyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé. Si plizyè non ap sikile pou ranplase direktè nan tèt gwo bwat Leta tankou SONAPI, ONA, oubyen BMPAD, gen yon sèl koze ki nan bouch tout obsèvatè: anyen poko konfime ofisyèlman.
Dèyè rido yo, se yon veritab lagè frèt ki ap jwe ant pati politik yo. Sanble « antant » ki te genyen ant Premye Minis la ak divès fòs politik yo ap pran dlo.
Yon batay kò a kò pou BMPAD ak CFI
Daprè enfòmasyon ki rive nan biwo redaksyon nou an, dosye BMPAD la se youn nan pi gwo pwen friksyon yo.
Pandan Premye Minis Fils-Aimé te sanble bay RDNP garanti pou pòs sa a — kote pati a pwopoze Wagner Édouard — gen lòt estrikti politik ki kanpe an kwa epi ki vle mete grif yo sou bwat sa a tou.
Menm lojik la valab pou CFI (Centre de Facilitation des Investissements) kote yo di sektè prive a ta dwe gen kontwòl li, alòske nan TNH, yo ta prefere yon « ansyen kay la » pou dirije televizyon nasyonal la, menm sityasyon an poze pou ONA.
Diplomasi ak Delegasyon: Yon lòt jaden batay
Lis nominasyon yo pa sispann la. Li touche depi nan delegasyon depatmantal (Nòdwès, Latibonit, Nip, Grandans) rive nan gwo anbasad tankou Brezil, Chili, ak Mawòk. Chak pati, chak branch nan kowalisyon an ap rale dra a bò kote pa yo, sa ki lakòz yon reta nan piblikasyon dekrè yo nan jounal Le Moniteur.
Ak tout moun sa yo, kote pèp la?
Pandan lidè politik yo ap kalkile kilès ki ap jwenn pi gwo moso nan « gato » administrasyon an, yon kesyon rete san repons: Kote enterè mas popilè a nan tout kous sa a?
Pandan yo ap diskite sou non moun pou mete nan tèt AGD (Ladwann) oswa Loterie Nationale, pèp la li menm ap fè fas ak:
* Ensekirite ki pa kase pye li.
* Lavi chè k ap ronge pòch malere.
* Sèvis piblik (lopital, lekòl) ki prèske pa egziste.
Eske se konpetans ki ap gide chwa sa yo, oubyen se senpleman rekonpans politik? Si se « pataj gato » ki ap fèt ankò, gen krentif pou machin Leta a rete an pàn pandan moun ki ap kondwi yo ap batay pou konnen kote yo ap chita.
Pou kounye a, peyi a ap gade, peyi a ap tann. Men yon bagay sèten: si nominasyon sa yo pa pote rezilta rapid pou lavi chak jou ayisyen yo, chanjman tèt yo ap parèt tankou yon senp seremoni san valè.
Echojounal echojounal.net