Ayiti/Rapò/Analiz: Rezilta Operasyon ak Gang yo bay 5,519 Lanmò nan mwens pase yon Lane.

Nan yon rapò ki soti madi 24 mas 2026 la, Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (HCDH) mete yon gwo limyè sou yon sitiyasyon ki sanble yon lagè sivil ki ap dechire peyi a. Ant 1ye mas 2025 ak 15 janvye 2026, rido vyolans lan tonbe sou plizyè milye fanmi ayisyen.

Si nou pase chif HCDH yo nan « kalkilatris » reyalite a, men sa sa bay :
Sòm Viktim yo : Yon Bilan ki Tèt Chaje
Kalkil total moun ki mouri ak sa ki blese yo bay yon sòm de 8 127 viktim. Men dekonpozisyon an :
– Moun ki mouri : 5 519
– Moun ki blese : 2 608

Kiyès ki Peze Plis nan Balans lan ?
Lè nou analize sous vyolans lan daprè done HCDH yo, nou jwenn yon divizyon ki bay sezisman :
– Nan operasyon fòs sekirite yo : Gen 3 497 moun ki mouri ak 1 742 ki blese. Sa reprezante pi gwo moso nan gato san sa a, ak plis pase 60% nan lanmò yo.
Nan men gang ame yo : Yo responsab lanmò 1 424 moun ak blesi sou 790 lòt.

Operasyon vs Gang : Yon Diferans Enpòtan
Si nou fè yon soustraksyon senp, nou wè ke kantite moun ki mouri nan operasyon lapolis oswa fòs lòd yo (3 497) plis pase de fwa (2x) kantite moun gang yo touye (1 424) nan peryòd sa a. Sa montre jan entèvansyon ame yo nan zòn peple yo gen yon pri ki lou anpil pou lavi moun.

Yon Mwayèn ki Fè Mal
Lè nou divize 5 519 lanmò yo pa 321 jou (peryòd rapò a kouvri), rezilta a se :
17 moun mouri chak jou an Ayiti.

HCDH kontinye ap lanse alèt pou di se pa chif sèlman nou ap konte la a, se lavi moun ki ap gaspiye. Popilasyon an ap viv nan yon ekwasyon kote sekirite a toujou bay « zero » kòm rezilta.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Ayiti/Enstalasyon : Nouvo direksyon an pwomèt transparans ak gwo refòm

Nan yon seremoni pasasyon lòd ki te fèt nan mitan jounen madi 24 mas 2026 …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager