‎Lig dè nasyon: Malgre defèt grenadye yo, yo kalifye pou kadefinal e genyon ide de pwochen advèsè yo

 

‎Malgre yon defèt 0-2 kont ekip Kosta Rika a nan estad San José a, seleksyon nasyonal ayisyèn foutbòl la reyisi konfime plas li nan kadefina Lig Nasyon CONCACAF la (Ligue A) pou sezon 2026-2027 la.
‎
‎Grenadye yo fini nan 2yèm plas Gwoup A a ak yon total 9 pwen epi yon diferans bi +4. Yo pase devan Repiblik Dominikèn an favè yon pi bon diferans bi, kòm Dominiken yo fini ak menm 9 pwen yo (+0) malgre viktwa 2-1 yo te ranpòte sou Nikaragwa. Se ekip Kirasao ki pran premye plas gwoup la ak 10 pwen.
‎
‎Gras ak kalifikasyon sa a, Ayiti rantre nan dènye kare a kote l ap gen pou l konfwonte youn nan pi gwo ekip nan zòn nan. Nan kadefina sa yo, ki ap jwe nan fòma match ale-retou soti 9 pou rive 17 novanm 2026, Grenadye yo pral kwaze kont Meksik oswa Etazini.

‎Gwo konfwontasyon sa a ap gen yon enpòtans kapital paske yon viktwa nan kadefina sa a ap louvri pòt direkteman pou Ayiti jwe Gold Cup 2027 la ansanm ak faz final (*Final Four*) ki gen pou fèt nan mwa mas 2027 la.
‎
‎Konbatan nou yo konnen sa ki ap tann yo : yon gwo defi teknoloji ak fizik, men espwa tout yon pèp dèyè yo pou chèche yon sipriz kont kòdich zòn nan.
‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

Jean-Ricner Bellegarde reponn ak polemik yo : « Ann sispann tounen chak mo anba yon kous politik »

Yon jou apre gwo viktwa 4-1 seleksyon nasyonal ayisyèn nan ranpòte kont Repiblik Dominikèn nan …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager