Nan okazyon Jounen mondyal pwofesè yo, gwo vedèt ekip nasyonal Dayiti a, Duckens Nazon, pran yon desizyon istorik ki touche kè anpil moun. Entènasyonal ayisyen an anonse ofisyèlman li deside remèt tout prim kalifikasyon li te resevwa pou Mondyal 2026 la bay yon pwojè ki konsakre ak edikasyon timoun yo nan peyi Dayiti.
Pwojè sa a, ki pote non « Skola », deja ap monte sou teren an epi li gen pou objektif pou bay ti moun yo pi bon kondisyon pou yo aprann epi konstwi lavni yo. Nazon, ki toujou montre atachman li ak drapo ak pèp ayisyen an, fè konnen detaye sou fason pwojè a ap fonksyone pral prezante byen rapid nan jou ki ap vini yo.
Mesaj Grenadye a te klè e li plen espwa pou peyi a : « Chanjman nou tout ap tann pou Ayiti a dwe kòmanse ak pwòp tèt nou. Pou Ayiti, pou jenès nou, epi pou jenerasyon ki ap vini yo. »
Aksyon sa a mete yon lòt fwa ankò anvanraj lidèchip Duckens Nazon genyen, pa sèlman sou teren foutbòl kòm yon gwo makè pou peyi a, men tou nan sosyete a kote li chwazi sèvi ak siksè espòtif li pou ede kouvri bezwen fondamantal jenès la.
Jès sa a resevwa anpil elòj ak aplodisman nan mitan fanatik foutbòl yo ak popilasyon an, ki wè nan desizyon sa a yon bèl egzanp patriotis ak solidarite pou lakay.
Echojounal echojounal.net