Rezo Ayisyen Jounalis Kont Koripsyon (RHAJAC) pote plent epi mande Komisè Gouvenman an, Me Fritz Patterson Dorval, pou l ouvè yon ankèt pi vit ke posib sou Gérard Cassis, ki gen gwo akizasyon ki ap peze sou do l sou tèt ansanm li ak chèf gang pou fè antre machandiz illegal, zam ak minisyon nan peyi a.
Daprè sa RHAJAC rapòte nan yon korespondans li voye bay chèf pakè a ak yon kopi pou Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) Gérard Cassis ta enpòte plis pase 200 kontenè machandiz chak mwa ki soti Etazini ak lòt peyi atravè lemond. Kontenè sa yo ta pase nan Repiblik Dominikèn anvan yo rantre sou teritwa ayisyen an san yo pa peye okenn taks e san okenn kontwòl ladwàn.
Sa ki pi grav nan dosye sa a daprè RHAJAC, se lyen ki ta genyen ant nonm Gérard Cassis a ak de gran chèf gang nan peyi a: Jeff Larose (ki gen ti no « Jeff Gwo Lwa ») ak Wilson Joseph (yo konnen sou non « Lanmò San Jou »).
Aparèy jounalis yo fè konnen zam ak minisyon ta kache anndan sèten nan kontenè sa yo. Nan aranjman sa a, Lanmò San Jou ak Jeff Gwo Lwa ta gen pou wòl asire pasaj ak sekirite kontenè yo sou wout yo, pandan Gérard Cassis ta ap finanse epi bay gwoup kriminèl sa yo zam ak minisyon.
Fas ak gravite sitiyasyon an, Rezo Ayisyen Jounalis Kont Kowipsyon an mande pou otorite jidisyè:
* Ouvè yon ankèt jidisyè prese prese sou tout aktivite enpòtasyon ak transit machandiz Gérard Cassis ap fè yo;
* Pase lòd pou fè verifikasyon pwofondi nan anblèm ki jere ladwàn yo (AGD) ak tout otorite ki ap kontwole fwontyè peyi a;
* Mennen aksyon piblik la kont tout moun ak antrepriz ki enplike nan rezo kontrebann ak trafik zam sa a.
RHAJAC konfime li rete disponib pou l kolabore ak lajistis e bay tout lòt enfòmasyon ki nesesè pou pèmèt limyè fèt sou dosye sa a.
Yon kopi korespondans sa a te voye tou bay Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) pou swivi ak konpetans li.
Echojounal echojounal.net