Ayiti/Kafou/Sipò: Òganizasyon JECO bò kote timoun yo pou ede yo batay ak chòk kriz ensekirite a.

Pandan sitiyasyon sekirite peyi a ap deteryore chak jou pi plis, timoun yo se premye viktim vyolans ak enstabilite ki ap sakaje Ayiti. Pou reponn ak kriz sa a, òganizasyon JECO deside ranfòse aktivite sikososyal li yo nan lide pou pwoteje sante mantal ak emosyonèl timoun ki pi frajil yo.

‎Se nan yon anbyans ki chaje ak espwa òganizasyon JECO te reyalize yon gwo jounen aktivite nan komin Kafou, samdi 28 mas ki sot pase a. Aksyon sa a antre nan kad pwogram « Espace Ami des Enfants » (Espace ki zanmi timoun yo), yon pwojè ki ap chèche ofri timoun yo yon kote ki an sekirite pou yo kab grandi epi jwenn sipò yo bezwen.

‎Dapre responsab òganizasyon an, yo remake yon ogmantasyon nan nivo chòk (trawmatiz) timoun yo ap sibi akòz zak vyolans yo wè oswa yo tande chak jou. Se poutèt sa, ekip pwoteksyon JECO a te deplwaye sou teren an pou ofri timoun Kafou yo yon moman detant ak aprantisaj.

‎Pandan jounen sa a, plizyè atelye te òganize pou pèmèt timoun yo eksprime tèt yo:
‎ * Mizik ak Animasyon: Pou ede yo chase estrès epi rejwenn kè kontan.
‎ * Desen: Yon zouti teknik ki pèmèt timoun yo mete deyò tout sa k ap boulvèse yo ke yo pa ka di ak bouch.
‎ * Ijyèn kòporèl: Yon fason pou anseye yo kijan pou yo pran swen tèt yo menm nan mitan kriz.

‎ »Kreyativite kòm remèd pou doulè »
‎Patisipasyon timoun yo te vrèman fò. Anpil ladan yo te kontan jwenn yon espas kote yo ka jwe, ri, epi pale lib san yo pa pè. Animatè yo fè konnen aktivite sa yo esansyèl paske yo ede timoun yo « vèbalize » sa yo santi, sa vle di mete mo sou emosyon ki twò lou pou yo.

‎Atravè inisyativ sa a, JECO vle montre angajman li bò kote ti moun yo pou ede yo rebati tèt yo apre tout move esperyans yo pase. Nan yon moman kote defi yo anpil nan peyi a, kalite entèvansyon sa yo parèt nesesè pou bay timoun ki pi vilnerab yo estabilite ak espwa.

‎Pou òganizasyon an, travay la pa la sèlman. JECO konte kontinye ranfòse prezans li nan lòt zòn kote timoun yo ap soufri anba vyolans lan. Mesaj la klè: pwoteje kò timoun yo enpòtan, men pwoteje lespri yo se yon ijans nasyonal pou demen ka pi bèl.


About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Ayiti/jistis: Yon « Blanchisaj » ki poze kesyon pandan eleksyon ap pwoche

Nan yon moman kote bri sapat eleksyon ap kòmanse tande nan tout kwen peyi a, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager