‎Etazini/Dèy : Kominote Ayisyen an nan Florid anba gwo chòk apre lanmò trajik Nancy Metayer Bowen

Yon gwo nyaj tristès kouvri vil Coral Springs ak tout kominote ayisyen an nan Florid apre nouvèl lanmò sibit « Maire-adjointe vil la », Nancy Metayer Bowen, ki mouri anba bal jounen mèkredi 1er avril 2026 la.

‎Dapre premye eleman enfòmasyon Depatman Lapolis Coral Springs (@CoralSpringsPD) pibliye, dram sa a lye ak yon ka vyolans domestik. Otorite yo fè konnen yo arete mari viktim nan touswit apre krim nan. Pou kounye a, lapolis ap kontinye mennen ankèt pou detèmine egzakteman sa ki te pase anndan kay la ki lakòz trajedi sa a.

‎Nancy Metayer Bowen pa te yon moun enkoni. Li te reprezante fyète kominote ayisyen an nan nò Miami:
‎ * Li te ekri non li nan listwa kòm premye fanm nwa ak premye moun daprann ayisyen ki te rive nan pòs sa a nan vil Coral Springs.
‎ * Li te konnen pou angajman li nan batay pou jistis anviwònman, dwa imigran, ak aksè ak dlo pwòp.


‎Depi nouvèl la fin tonbe, plizyè pèsonalite nan mitan dyaspora a ak nan monn politik Florid la ap voye mesaj senpati. Anpil moun dekri li kòm yon « lidè ki te gen anpil vizyon » ak yon « modèl pou jèn fanm nan kominote a. »

‎ « Se yon pèt ki pa gen non. Nancy te yon vwa fò pou moun ki pa gen vwa. Jodi a, kè nou brize, » se sa yon lidè kominotè deklare ak dlo nan je.

Trajedi sa a relanse deba sou gwo pwoblèm vyolans domestik ki ap sakaje sosyete a, menm nan nivo ki pi wo nan leta. Lidè kominotè yo pwofite okazyon sa a pou mande plis sipò ak pwoteksyon pou fanm ki anba menas lakay yo.

‎Vil Coral Springs ak tout kominote ayisyen an ap prepare yo pou rann li yon dènye omaj ki merite pakou eksepsyonèl li.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Gadkòt ameriken kanpe 60 moun nan lanmè nan zòn Pòtoriko

Direksyon egzekitif operasyon ayeryen ak maritim (rejyon Sidès) fè konnen yo entèsepte yon bato atizanal …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager