Reyalite ekonomik peyi Dayiti rive nan yon nivo kote diyite moun pa vo anyen ankò. Nan yon nòt pou laprès ki soti jounen lendi 6 avril 2026 la, Rezo Jounalis Ayisyen kont Koripsyon (RHAJAC) voye yon gwo kout rèl kont gouvènman an ak aktè ekonomik yo. Dapre rezo a, pri gaz la ki depase salè yon jounen travay se prèv yon sistèm « mafya » ki la pou kraze mas pèp la.
Jodi a, reyalite a rèd: yon travayè ki touche salè minimòm nan (ant 350 pou rive 770 goud) pa menm ka achte yon sèl galon gazòy ki rive nan 850 goud. Sa vle di, apre yon moun fin pase 8 tè ap swe anba solèy oswa nan faktori, kòb li touche a pa ase pou li peye transpò oswa achte enèji pou li fonksyone.
Men pri gaz la jan RHAJAC denonse l la:
* Gazolin: 725 goud
* Gazoil: 850 goud
* Kewozèn: 845 goud
Pou Sekretè Jeneral RHAJAC la, Djovany Michel, sitiyasyon sa a se yon « liy wouj » ki kwaze. Li eksplike ke sistèm ekonomik la, kote tout bagay se an dola li ye epi kote enpòtasyon ap vale teren, fin dechèpiye ti rès pouvwa dacha malere yo te genyen.
« Lè yon travayè pa ka jwenn resous de baz apre yon jounen travay, se diyite moun ak tout sosyete a ki an danje, » se sa nou ka li nan nòt la.
Fas ak sa yo rele yon « Enjistis ekonomik », RHAJAC pa rete ak bouch yo fèmen. Yo lanse yon apèl klè:
* Mobilizasyon sitwayen: Yo mande pèp la leve kanpe nan pasifik pou revandike dwa yo.
* Koreksyon imedyat: Yo egzije otorite yo pou yo reyaliste balans ant salè travayè yo ak pri pwodwi nesesè yo, tankou gaz.
* Sipò nan lari: Rezo a pwomèt li ap sipòte tout mouvman lejitim ki ap fèt pou di « ase » ak dezekilib sa a.
Pou jounalis anti-koripsyon yo, lè lavi a vin chè konsa epi salè a rete anba pye, se pa yon kriz senp ankò: se yon sistèm ki deside travay kont pwòp popilasyon li. Mesaj la klè, sistèm sa a dwe chanje, e sa dwe fèt kounye a.
Echojounal echojounal.net