Gouvènman Emira Arab Ini (EAU) pa kache pozisyon li kòmsadwa jounen mèkredi 8 avril 2026 la konsènan tansyon ki ap monte nan zòn Gòlf la. Nan yon kòminike ofisyèl, otorite yo deklare fòk Iran peye pou tout « domaj ak reparasyon » atak li yo lakòz nan rejyon an, pandan yo ap mande Washington pou li bay plis detay sou jan akò trèv la ap fonksyone.
Pou Ministè Afè Etranjè peyi Emira, li pa sifi pou gen yon senp kanpe lwen. Yo kwè atak Iran yo mande pou gen yon « pozisyon fèm » bò kote kominote entènasyonal la. Emira ensiste pou di fòk Téhéran pran responsablite li nèt ale epi peye pou tout dega ki fèt pandan atak sa yo nan Gòlf la.
Anmenmtan tou, Emira Arab Ini ap gade ak anpil atansyon mouvman diplomasi ameriken an ap fè. Yo voye yon mesaj bay Washington pou mande « plis klarifikasyon » sou divès pwen ki nan akò a. Objektif la se asire yo de (2) bagay prensipal :
Sispann batay : Iran dwe pran angajman total pou li sispann tout kalite ostilite nan rejyon an imedyatman.
Dètwat Òmiz : Se pou kanal sa a, ki enpòtan anpil pou komès mondyal la, relouvri nèt san okenn kondisyon pou bato ka pase anba sekirite.
Pozisyon sa a montre jan sitiyasyon an rete frajil nan Gòlf la ak jan alye Etazini yo nan zòn nan ap egzije garanti solid anvan yo bay akò lapè a benediksyon yo.
Echojounal echojounal.net