Ayiti/Ensekirite: Popilasyon Sidès la leve kanpe apre atak ki fèt sou katye Segen an.

Pèp nan depatman Sidès la, espesyalman nan zòn Jakmèl ak Segen, an kòlè anpil fas ak zak vyolans ki ap miltipliye nan zòn nan. Ant rèl pou sekou ak denonsyasyon kont otorite yo, sitiyasyon an vin konplike anpil.

Pami vwa ki pi fò ki leve pou kondane sa ki ap pase a, gen vwa Guerlince Lohier, direktè lise Penchina nan Jakmèl. Pou li menm, sa ki ap pase a se pa yon aksidan, se yon « ensekirite kòmande ». Mouche Lohier kwè byen fèm si Leta te jwe wòl li jan sa dwe fèt, viktim nou konte nan zòn Segen yo ak nan rès peyi a te ap toujou vivan jodi a.

Direktè a voye yon mesaj klè bay moun ki ta vle fè Jakmèl tounen yon « teritwa pèdi » : « Jakmèl pap tounen yon dezyèm Matisan. Nou refize kite bandi fè lalwa, boule kay nou epi touye pitit nou », se sa li deklare ak anpil fòs.

Pandan Leta sanble li anreta, popilasyon an deside pa kwaze bra li. Gen plizyè sitwayen ki deja mobilize pou pote kole ak moun Segen yo ki ap pase move moman. Yon mouvman solidarite ap òganize pou ede sila yo ki pèdi tout sa yo te genyen e ki nan nesesite anba men gwo kout zam.

Kòlè manifestan yo dirije tou dwat sou moun ki gen responsablite pou pwoteje depatman an. Nan lari Jakmèl, anpil moun ap mande:
Demisyon imedyat Magalie Belneau, ki se direktè depatman Lapolis nan Sidès la.
Pris de konsyans delege depatman an, Jude Pierre Michel Lafontant.
Manifestan yo avèti delege a : si li pa pran responsablite li pou li aji vit, yo ap konsidere li kòm yon konplis nan malè ki ap tonbe sou popilasyon an.

Pou kounye a, tansyon an rete byen wo nan Sidès kote sitwayen yo sèmante yo pap fè bak devan laterè gang yo ap eseye enstale nan rejyon an.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Asasina: Rudolph Jaar lage vèni sou fason li te « achte » sekirite palè a

Revelasyon ki ap soti nan tribinal federal Ozetazini yo kontinye ap souke peyi Dayiti. Rudolph …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager