Sendika yo bay gouvènman an yon iltimatòm : « Minit ap konte pou salè minimòm lan »

Tansyon an ap monte nan peyi a, plizyè òganizasyon sendikal, pami yo Batay Ouvriye, CTSP, ak CTH, mete gouvènman de fakto a anba gwo presyon. Yo bay otorite yo jiska dimanch swa a minwi pou yo ajiste salè minimòm ouvriye yo, sinon, peyi a pral paralize ak yon grèv jeneral san limit.

‎Nan yon entèvyou li bay nan mikwo Radio Métronome jounen vandredi 17 avril 2026 la, sendikalis Fignolé Saint-Cyr pa te mete dlo nan bouch li pou li denonse sa li rele « ensansibilite » pouvwa a. Li kritike Premye Minis la ki chwazi ogmante pri gaz la pou li fè sektè prive a plezi, alòske li refize touche kesyon salè a.

‎Dapre Saint-Cyr, sitiyasyon an vin tèlman grav, jounen jodi a yon galon gaz koute pi chè pase sa yon ouvriye touche pou yon jounen travay. Yon reyalite li konsidere kòm yon imilyasyon pou klas travayè a ki ap deperi nan mizè.

‎Sendikalis yo baze kòlè yo tou sou dènye rapò CNSA a ki bay dlo nan je. Rapò sa a fè konnen :
‎ 52% popilasyon an nan gwo nesesite manje (ensekirite alimantè).
‎Lavi chè a fin rann li enposib pou yon malere achte menm sa ki nesesè pou li siviv.

‎Si gouvènman an pa di anyen anvan dimanch minwi, grèv la ap deklanche nan tout peyi a depi lendi maten. Sendika yo avèti ke mouvman sa a pap gen kanpe toutotan revandikasyon ouvriye yo pa jwenn satisfaksyon.

‎Pandan nou ap tann limit iltimatòm lan rive, popilasyon an ap gade ak kè sote si gouvènman an ap fè yon pa annaryè oswa si se yon lòt semèn « lock » ki ap tann peyi a ankò.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Face aux menaces de Washington, Miguel Díaz-Canel réaffirme l’inflexibilité du « Cuba Socialiste »

À l’occasion du 65e anniversaire de la victoire de la Baie des Cochons, le président …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager