Tansyon an ap monte nan peyi a, plizyè òganizasyon sendikal, pami yo Batay Ouvriye, CTSP, ak CTH, mete gouvènman de fakto a anba gwo presyon. Yo bay otorite yo jiska dimanch swa a minwi pou yo ajiste salè minimòm ouvriye yo, sinon, peyi a pral paralize ak yon grèv jeneral san limit.
Nan yon entèvyou li bay nan mikwo Radio Métronome jounen vandredi 17 avril 2026 la, sendikalis Fignolé Saint-Cyr pa te mete dlo nan bouch li pou li denonse sa li rele « ensansibilite » pouvwa a. Li kritike Premye Minis la ki chwazi ogmante pri gaz la pou li fè sektè prive a plezi, alòske li refize touche kesyon salè a.
Dapre Saint-Cyr, sitiyasyon an vin tèlman grav, jounen jodi a yon galon gaz koute pi chè pase sa yon ouvriye touche pou yon jounen travay. Yon reyalite li konsidere kòm yon imilyasyon pou klas travayè a ki ap deperi nan mizè.
Sendikalis yo baze kòlè yo tou sou dènye rapò CNSA a ki bay dlo nan je. Rapò sa a fè konnen :
52% popilasyon an nan gwo nesesite manje (ensekirite alimantè).
Lavi chè a fin rann li enposib pou yon malere achte menm sa ki nesesè pou li siviv.
Si gouvènman an pa di anyen anvan dimanch minwi, grèv la ap deklanche nan tout peyi a depi lendi maten. Sendika yo avèti ke mouvman sa a pap gen kanpe toutotan revandikasyon ouvriye yo pa jwenn satisfaksyon.
Pandan nou ap tann limit iltimatòm lan rive, popilasyon an ap gade ak kè sote si gouvènman an ap fè yon pa annaryè oswa si se yon lòt semèn « lock » ki ap tann peyi a ankò.
Echojounal echojounal.net