Lajan antèman pou kache kase fèy kouvri sa : Èske diyite viktim Sitadèl yo vo yon anvlòp 250 000 goud ?

‎Pandan dlo nan je ap koule pou plis pase 30 moun ki pèdi lavi yo nan gwo malè pandan mwa avril la nan Sitadèl Henri, gouvènman an kòmanse distribye lajan bay fanmi viktim yo. Men, dèyè 250 000 goud yo ap bay nan anvlòp jòn yo, gen yon santiman kòlè ak enjistis ki ap bouyi nan kè popilasyon an ki santi Leta ap eseye « achte silans » yo.

‎Depi jedi 16 avril 2026 la, delegasyon Nò a tounen yon kote ki tris. Nan biwo delege Marc Merzius Présumé, se anba gwo emosyon 25 premye fanmi yo te vin resevwa 250 000 goud kach. Si lajan sa a ka ede peye sèkèy ak antreman, pou anpil obsèvatè ak pwòch viktim yo, fason yo ap bay lajan an — nan men, tankou se yon kado — manke respè pou diyite moun ki mouri yo.

‎ »Lavi pitit mwen pa vo goud, li vo jistis, » se sa yon manman ki te prezan nan delegasyon an te ap repete. Pou anpil moun, se pa « reparasyon » Leta ap fè, men se yon tantativ pou kalme tansyon an pandan ankèt la ap depale nan yon dezòd total.

‎Sa ki plis revòlte moun nan vil Milo ak nan tout peyi a, se fason dosye jidisyè a ap jere. Si majistra Milo a, Wesner Joseph, dèyè bawo, eskandal la chita sou do ansyen direktè ISPAN nan depatman Nò a, Neat Achille.

‎Kouman yon gwo fonksyonè konsa, ki ta dwe responsab sekirite moniman an, fè jwenn liberasyon li nan men yon ajan SDPJ-Nò san okenn lòd nan men otorite siperyè? Jodi a, Neat Achille « manman pèdi », li sove, epi se kounye a yo ap lanse avis de recherche dèyè li. Sa a se prèv klè gen yon « moun pa » ak konfyolo ki ap fèt nan nivo lapolis ak lajistis nan Nò a pou pwoteje zanmi pouvwa a.

‎Gouvènman an revoke Rody Attilus nan Ministè Kilti ak direktè ISPAN an, men èske sa ase? Dram nan Sitadèl la se pa te yon aksidan konsa konsa; se te rezilta yon neglijans total nan jesyon patrimwàn nasyonal nou an.

‎Leta pa ka kontante li bay anvlòp jòn pandan sistèm sekirite nan moniman yo ap deperi epi moun ki responsab yo ap chape poul yo ak konplisite otorite anndan an.

‎Nan moman nou ap pale a, gen de kesyon ki ap poze :
‎ 1. Ki kote Neat Achille ye epi kilès ki te ba li pouse pou li sove a?
‎ 2. Èske 250 000 goud ka seche dlo nan je yon manman ki pèdi pitit li poutèt Leta pa te fè travay li?

‎Nan peyi san chapo, sa ki pi mal la se pa mouri, se mouri san jistis. Fanmi viktim Sitadèl yo ap veye : anvlòp la pase nan men, men je yo rete fikse sou tribinal la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Face aux menaces de Washington, Miguel Díaz-Canel réaffirme l’inflexibilité du « Cuba Socialiste »

À l’occasion du 65e anniversaire de la victoire de la Baie des Cochons, le président …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager