Ayiti/Pwotestasyon: Pòtoprens Paralize, Lapolis an Kòlè nan Lari a.

Yon gwo tansyon vale teren nan plizyè zòn nan kapital la nan finisman jounen lendi 27 avril 2026 la. Plizyè wout bloke, kawotchou ap boule, epi sikilasyon an paralize nèt. Koz mouvman sa a : se yon gwoup ajan Lapolis Nasyonal peyi Dayiti (PNH) ki deside pran lari pou manifeste kòlè yo.

Polisye sa yo ki te move kou kong, te ap mande liberasyon san kondisyon 4 nan kòlèg yo ki nan prizon depi dat 14 avril 2026 pase a. Dapre enfòmasyon ki disponib, ajan sa yo te arete nan kad yon dosye kote non responsab Direksyon Depatmantal Lwès (DDO-1) an, Yvon Cantave, site.

Men non 4 polisye ki nan prizon yo:
Muscardin Serge Édouard
Joseph Oberde
Anglade Ricardo
Dejean Nexbertso

Depi nan apre midi a, ajan sa yo te kòmanse mete baryè ak bloke lari nan plizyè kafou estratejik nan Pòtoprens. Yo fè konnen yo pap fè bak toutotan yo pa lage frè zam yo. Yo menase tou pou yo bloke vil la nèt si otorite yo pa tande rèl yo nan pi kout tan ki egziste a.

Sityasyon sa te lakòz yon gwo tèt chaje pou malere ak malerèz ki te ap chache rantre lakay yo apre yon jounen travay. Anpil moun te oblije ap mache a pye, pandan nwaj lafimen nwa ap monte nan syèl la. Klima sa a montre yon lòt fwa ankò frajilite enstitisyon lapolis la ak tansyon ki ap gouvène anndan kò a.

Pou kounye a, direksyon jeneral PNH la poko bay okenn deklarasyon ofisyèl sou mouvman sa a k ap paralize aktivite yo nan kapital la.

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/ Koripsyon: RHAJAC mande depa prese prese Gérald Remplais

Rezo Ayisyen Jounalis Kont Koripsyon (RHAJAC) lage yon gwo kout rèl kont fason Administrasyon Jeneral …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager