Konpayi telefòn an Ayiti: Yon gwo vòl legal sou do yon pèp ki nan kriz

Depi plizyè lane, sitwayen ayisyen yo ap sibi yon sanksyon doub: nan yon katye yo ap kouri pou bal, nan yon lòt yo ap bat kò yo ak lavi chè. Men, gen yon sektè ki ap pwofite sitiyasyon sa a nan kachèt pou fè gwo lajan sou do malere: konpayi telefòn mobil yo. Ant pri plan Entènèt yo ki ap moute syèl ak yon sèvis ki pi mediyòk pase sa, popilasyon an anba yon vrè souse-san.

Sa ki pi rèd la, se pa sèlman paske plan yo chè, se paske moun yo pa jwenn sa yo peye a. Ou achte yon plan Entènèt chè, epi liy lan ap kase chak de segond. Pou w fè yon senp apèl, fòk ou monte sou tèt kay oswa fè rityèl chache rezo.
Poutan, konpayi sa yo pa nan pèdi: depi minit ou oswa « data » ou ekspire, yo koupe ou san gade dèyè. Yo vann yon sèvis « luks » pou yon kalite ki pa menm vo mwatye lajan kliyan yo depanse.

Kote kriz la vin pi tounen Unicode kout kouto nan do pèp la, se nan zòn ki pi vilnerab yo. Depatman Latibonit, Kwadèboukè, Site Solèy, ak plizyè lòt kote ankò tounen « zòn nwa » pou kominikasyon. Nan mitan gwo difikilte ak sekirite, kote moun ta sipoze bezwen telefòn pou mande sekou oswa pran nouvèl fanmi yo, rezo yo senpleman pa egziste.

Tandans jeneral la klè: Moun yo kontinye peye frè, yo achte kat, yo ranpli plan… men yo pa ka kominike. Konpayi yo pa deplwaye teknik pou kenbe antèn yo ap mache nan zòn sa yo, men yo pa janm sispann pran lajan nan men moun ki rete la yo. Se yon vòl ki fèt fòmèlman.

Si konpayi sa yo ka aji konsa ak tout awogans sa a, se paske pa gen chèf nan peyi a. Leta ayisyen, atravè enstitisyon regilasyon li yo tankou CONATEL, montre yon nivo iresponsablite ak pasivite ki bay kè plen.

Pa gen kontwòl sou kalite sèvis la.
Pa gen sanksyon pou move rezo.
Pa gen pwoteksyon pou konsomatè a.

Leta abandone popilasyon an anba grif gwo antrepriz kapitalis sa yo ki ap rasanble gwo pwofi sou soufrans yon pèp ki deja ajenou. Pandan peyi a ap koule nan kriz, kof fò konpayi telefòn yo ap gonfle chak jou pi plis.

Telefòn ak Entènèt pa yon liks ankò nan epòk nou ap viv la, se yon dwa fondamantal ak yon zouti ijans. Li lè pou Leta pran rès responsabilite li pou li fòse konpayi sa yo bay yon sèvis ki koresponn ak pri yo ap mande a, epi asire yo ke chak grenn santim yon kliyan depanse jwenn valè li, kit li potoprens, kit li nan pwovens, kit li nan zòn ki pi an danje yo. Pèp la bouke souse!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Editoryal: Lonbraj Vitelhomme ak Asasina Jovenel Moïse — Kiyès ki ap Pwoteje Kiyès?

Deklarasyon ki fè konnen Jhon Joël Joseph ak Mario Palacios te pase anviwon 15 jou …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager