Ayiti/Ensekirite : Lanmò pwofesè Brousseau montre konplisite gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a

Krim ak san ki ap koule san rete nan peyi a moute yon lòt nivo ankò. Lanmò trajik pwofesè Bernard Brousseau, yon gwo mapou nan Institut national d’administration, de gestion et des hautes études internationales (INAGHEI), vin mete an pwent kriz sekirite a epi klere limyè sou sa anpil moun rele « konplisite » gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a.

Pwofesè Brousseau mouri sou yon kabann lopital apre li te fin resevwa twa bal nan moman gwo afwontman ant gang ame te ap fèt nan zòn plèn nan (Plaine du Cul-de-Sac). Pandan nèg ak zàm ap fè lwa, touye ak piye, popilasyon an ap peye kach kach pri yon leta ki an fefòs.

Depi lè Alix Didier Fils-Aimé te pran tèt gouvènman defakto a, pwomès pou retounen sekirite ak lapè nan peyi a rete sou papye ak nan bèl diskou. Sou teren an, reyalite a se san ak dlo nan je. Pou anpil obsèvatè ak sitwayen revòlte, silans ak pasivite gouvènman sa a pa anyen lòt pase yon konplisite klè ak rezo kriminèl yo.

Nenpòt gouvènman ki gen konsyans ta dwe reponn ak fòs devan laterè ki ap fèt la, men ekip Fils-Aimé a chwazi rete espektatè pandan bandi ap dekapite avni peyi a, tankou yo fè sa pou pwofesè Brousseau, yon sèvo ki te ap fòme jèn ki ap rale demen peyi a.

Dapre dènye enfòmasyon ki soti nan Décanat INAGHEI a, sitiyasyon an nan Plèn nan se yon vrè dezas imanitè. Gwo kout zàm fòse plis pase 10 000 moun kouri kite lakay yo pou sove lavi yo. Moun sa yo ap domi nan lari, nan move kondisyon, san okenn asistans nan men Leta.

« Se anba je otorite yo, ki pa fè anyen, pou popilasyon an ap fin deperi, » se sa plizyè sitwayen nan zòn nan rapòte ak kòlè.

Lè yon gouvènman gen tout zouti legal ak fòs piblik nan men li epi li chwazi gade anba zong li pandan gang yo ap pran teritwa epi chase sitwayen yo, sa pa rele enkapasite ankò, sa rele konplisite.

Dekana INAGHEI a voye gwo senpati bay fanmi pwofesè a epi denonse ak tout fòs yo fason gang yo ap vyole ak touye moun nan peyi a san kè sote. Men, pi lwen pase denonsyasyon yo, se aksyon popilasyon an ap mande.

Lanmò Bernard Brousseau se yon lòt prèv gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a pa gen ni volonte, ni plan pou rezoud kriz la. Pandan otorite yo chita nan biwo liksye yo nan Pòtoprens ap jwi privilèj pouvwa a, pèp la menm ap mouri anba bal, e istwa ap kenbe gouvènman defakto sa a kòm youn nan pi gwo responsab dezas sa a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Insécurité: Un jeune footballeur tué à Sarthe, symbole d’une plaine du Cul-de-Sac prise au piège des gangs

La plaine du Cul-de-Sac s’enfonce chaque jour un peu plus dans l’horreur. Hier, le quartier …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager