Espò/Match Zanmitay: Grenadye yo tonbe (2-1) devan Pewou apre yo fin domine match la

Yon ti mank konsantrasyon nan dènye minit yo koute chè ! Apre yon bèl viktwa (4-0) kont Nouvèl Zelann madi pase a, seleksyon nasyonal gason Ayiti a (82yèm nan klasman FIFA) bese paviyon l (2-1) devan peyi Pewou (51yèm), vandredi 5 jen 2026 la. Match zanmitay sa a, ki te jwe sou gazon DRV PNK Stadium nan vil Miami, se te dènye tès jeneral pou Grenadye yo anvan yo antre nan gwo konpetisyon Koup Dimond la.

Pou dènye sòti preparasyon sa a, seleksyonè franse a, Sébastien Migné, te deside fè 4 chanjman nan XI depa li a lè li te titularize Delcroix, Bellegarde, Deedson, ak Pierrot. Yon estrateji ki te bay rannman depi nan kòmansman, paske sipòtè ayisyen yo pa te pran tan pou yo te fete.

Depi nan 16yèm minit jwèt la, sou yon bèl pas kout kouto Louicius Deedson te bay, Wilson Isidor te jwenn fason pou li mete boul la nan fon sàk la, epi louvri nòt la pou Ayiti (0-1). Pandan tout premye mitan an ak yon bon pati nan dezyèm nan, Grenadye yo te mèt teren an, yo te byen an plas taktikman e yo te montre yo solid devan penalite pewouvyen yo.

Lè dezyèm mitan an rive, antrenè a chwazi fè yon gwo kout bale pou li gade eta fòm rès ekip la. Ant 59yèm ak 64yèm minit, Sébastien Migné fè pa mwens pase 7 chanjman an menm tan. Figi ekip la te vin chanje totalman, sa ki vin lakòz yon ti pèt vitès ak mank kowòdinasyon nan sistèm defansiv la. Jwèt la te vin pi di tou sou teren an, sa ki lakòz jwè tankou Wilguens Paugain bò kote Ayiti, ak plizyè lòt jwè Pewouvyen te pran katon jòn.

Pewou, ki gen plis eksperyans nan nivo sa a, pwofite feblès sa a pou yo mete presyon nan fen match la. Nan 81yèm minit, Renzo Garcés rive jwenn egalizasyon an pou Pewou (1-1). Grenadye yo poko menm refè anba kou sa a, twa minit aprè, sètadi nan 84yèm minit, Jairo Vélez make dezyèm gòl la pou li bay Pewou avantaj la (2-1).

Malgre antre Derrick Etienne Jr. nan 85yèm minit pou pote plis fòs nan mitan jwèt la, nòt la pa te chanje jiskaske abit la soufle fen match la.

Malgre defèt sa a ka kite yon ti gou anmè paske Ayiti te merite pi bon rezilta, li montre tou bèl potansyèl ekip la genyen lè premye XI a sou teren an. Pwochen etap pou Grenadye yo se pral premye match ofisyèl yo nan Koup Dimond 2026 la. Sipòtè yo rete konfyant e yo dèyè ekip la pou gwo randevou istorik sa a !

XI Depa Ayiti : Johnny Placide (G) — Carlens Arcus, Martin Expérience, Ricardo Adé, Hannes Delcroix — Danley Jean-Jacques, Jeanricner Bellegarde — Louicius Deedson, Ruben Providence, Wilson Isidor, Frantzdy Pierrot.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Grenadye Alaso: Ayiti kraze Nouvèl Zeland 4-0 nan Florid!

Gwo loray ak gwo lapli ki te ap tonbe sou Florid la pa te ase …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager