Wilson Isidor: Nouvo zam ofansif grenadye yo ki Sanble pwal klere nan Mondyal la, men ki moun li ye.

Non li ap fè gwo bri nan bouch tout sipòtè foutbòl an Ayiti depi kèk mwa. Wilson Isidor, jèn jwè ofansif ki ap briye nan gwo chanpyona angle a (Premier League) anba koulè Sunderland, chwazi ofisyèlman pou li mete mayo ble ak wouj la. Yon ranfò ki gen ren pou seleksyon nasyonal la, sitou nan moman grenadye yo ap pare pou yo jwe gwo Koup di Monn 2026 la.
Men yon gade sou kote li soti, bèl vwayaj li fè nan foutbòl la, ak kijan li rive entegre seleksyon Ayiti a.

Ki kote li soti?
Wilson Isidor fèt 27 out 2000 nan vil « Rennes », nan peyi Lafrans. Menmsi li fèt lòt bò dlo, san Ayiti ap koule nan venn li: papa li ak granpè li fèt dirèkteman an Ayiti selon enfo yo. Se istwa fanmi sa a ki te toujou kite yon pòt louvri nan kè li pou peyi Dayiti. Lè li te ap esplike chwa li pou li jwe pou Ayiti, li te di avèk souri:

« Paske mwen se franse, sa te difisil pou mwen fè yon chwa. Se te tankou mwen te dwe chwazi ant manman mwen ak papa m! Men mwen kontan anpil pou chwa sa a. »

Yon pakou rich an Ewòp anvan li eksploze nan peyi Angletè
Isidor kòmanse fòmasyon li nan gwo klèb nan peyi Lafrans, sitou nan « Stade Rennais » ak AS Monaco. Pou li te ka pran eksperyans, Monaco te prete li nan klèb tankou Stade Lavallois ak Bastia-Borgo (kote yo te eli li kòm pi bon jèn jwè chanpyona Natyonal la nan sezon 2020-2021).

Apre sa, li pati al jwe nan peyi Larisi kote li fè bèl moso jwèt nan Lokomotiv Moscou epi nan Zenit Saint-Pétersbourg.
Men, se nan peyi Langletè, nan klèb Sunderland AFC, Isidor pwal jwenn vrè moman laglwa li:

Sezon 2024-2025: Li make 13 gòl epi li bay 2 pas ki pèmèt klèb la monte nan premye divizyon angle a (Premier League). Li vin tounen premye jwè nan istwa klèb la ki make gòl nan 3 premye match li jwe lakay li.

Sezon 2025-2026 (Premier League): Malgre nivo a pi wo, li kontinye ap bay rannman, li make gòl enpòtan e li pèmèt Sunderland dekouvri Ewòp pou pwochen sezon an.

Pakou li nan Seleksyon: Soti nan Ble Lafrans pou rive nan Grenadye Ayiti
Anvan li te pran desizyon pou li mete mayo Ayiti a, Wilson Isidor te yon jwè regilye nan ekip jèn peyi Lafrans yo (soti nan mwens pase 17 an rive nan mwens pase 20 an), kote li te konn make anpil gòl.

About Emmanuel Hubert

Check Also

C.A.S: Yon enstitisyon sosyal tounen « gato nasyonal » pou rann sèvis politik

‎Nan yon peyi kote plis pase mwatye popilasyon an ap viv anba liy povrete a, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager