Mondyal 2026: Kat (4) bèl afich anba gwo tansyon pou jounen vandredi 19 jen an

Sèk la ap sere nan tounwa a. Nèf jou sèlman apre mondyal 2026 la te lanse, jounen vandredi 19 jen sa a ap anonse cho kou dife pou fanatik foutbòl yo. Avèk dezyèm jounen faz poul la pou Gwoup C ak D yo, plizyè seleksyon nasyonal twouve yo nan kafou kote yo dwe jwenn viktwa pou asire tikè kalifikasyon yo oswa pou evite pran kanè twò bonè nan konpetisyon an.

Ekòs vs Mawòk: Yon ansyen kont pou regle nan mwa jen an
A 6:00 PM nan aswè, Boston Stadium ap tounen yon teyat kote de nasyon pral chèche ekri yon nouvo paj nan istwa yo. Sa a se katriyèm fwa nan istwa de seleksyon sa yo ap kwaze, kote balans la ekilibre nèt: chak ekip genyen yon viktwa epi yo fè yon match nul. Men, match ki pi makan ant de ekip yo rete sa ki te jwe nan Mondyal 1998 la nan peyi Lafrans, kote lyon de Latlas yo (Mawòk) te kraze Ekòs 3-0 nan faz poul la. Ekòs ap antre sou teren an aswè a ak yon swaf revanj pou li efase move souvni sa a, pandan abit ouzbèk la, Ilgiz Tantashev, ap nan mitan teren an pou asire lòd ak disiplin.

Tiki vs Paragwe: Dezyèm chapit yon istwa ki te kòmanse an 1995
Pou fèmen bèl jounen foutbòl sa a, vè 11:00 PM, Tiki ak Paragwe ap kwaze nan San Francisco Bay Area Stadium pou sèlman dezyèm fwa nan istwa yo. Sèl match ki te mete de ekip sa yo bab pou bab te jwe nan mwa jen 1995 nan yon tounwa amikal (poul Koup Kirin), kote yo te separe do yo sou yon nòt nul (0-0). Match aswè a, ki pral dirije pa abit salvadoryen Iván Barton, gen yon lòt nivo enpòtans paske se premye fwa yo ap jwe yon match ofisyèl nan yon gwo konpetisyon tankou Koup Dimond, kote chak pwen vo lò.

Brezil vs Ayiti: Yon defi istorik ak jeyan pou Grenadye yo
Tout je kominote ayisyen an ap fikse vè 8:30 nan aswè nan Philadelphia Stadium, kote seleksyon nasyonal Ayiti a gen yon randevou istorik fas ak Brezil. Aprè yon bèl prestasyon malgre yon defèt etwat (1-0) kont Ekòs nan premye soti yo, Grenadye yo pral mezire yo ak yon Seleção ki blese, ki te fè match nul 1-1 kont Mawòk nan premye jounen an.
Sa a pral katriyèm konfwontasyon nan istwa de ekip sa yo (Brezil te genyen 3 premye match amikal yo), men se premye fwa nasyon sa yo ap jwe nan yon faz final Mondyal. Abit panyòl Alejandro Hernández ap nan tèt jwèt sa a kote Ayiti ap chèche kreye sipriz pou l make premye pwen li. Pou match sa a, gwo vedèt brezilyen an, Neymar, pap prezan sou teren an akòz yon blesi nan ti janti pye l.

Etazini ak Ostrali: Batay pou lidèchip Gwoup D a
Kout siflèt la ap kòmanse depi 3:00 PM nan vil Seattle ak yon gwo chòk nan Gwoup D a. Ameriken yo, ki te fò nan kòmansman yo avèk yon gwo viktwa (4-1) sou Paragwe, ap chèche dezyèm siksè yo pou yo ka valide plas yo pou 32èm de final yo. Anfas yo, Ostralyen yo konnen yo pa gen dwa fè fo pa si yo vle rete vivan nan tounwa a. Se sèlman dezyèm fwa nan istwa yo de ekip sa yo ap jwe nan kategori gason, premye match la te fèt an 1998. Se abit alman Felix Zwayer ki gen responsablite pou dirije gwo kòb sa a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Privé de tournoi et refoulé des États-Unis, l’arbitre somalien Omar Artan touchera sa prime

Bien qu’il ait été interdit d’accès au territoire américain et donc privé de participer à …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager