DCPJ pibliye lis pyès ki nesesè pou chèche konsènan sètifika polis pou pwochen eleksyon yo

Nan kad preparasyon pou pwochen jout elektoral yo, Direction centrale de la police judiciaire (DCPJ) pibliye yon avi ofisyèl madi 11 dawou 2026 sa a pou enfòme tout sitwayen ki gen entansyon poze kandida yo sou dokiman yo dwe bay pou yo ka jwenn yon sètifika polis, yon dokiman ki enpòtan anpil nan dosye kandida a.

Daprè sa ki rapòte nan avi sa a, gen 7 pyès prensipal yon kandida dwe reyini epi prezante nan sèvis konpetan DCPJ yo:
1- Yon resepise Direction générale des impôts (DGI)
2-Yon kopi Kat idantifikasyon nasyonal (CIN)
3- Yon kopi ak de nesans li oubyen yon ekstrè nan Achiv nasyonal
4-De foto idantite ki resan (fòma paspò, sou fon blanch)
5-Yon lèt deklarasyon kandidate
6-Yon kopi paj bijometrik paspò a
7 -Yon kopi ak de maryaj (pou fanm ki marye yo)

Lapolis nasyonal Ayiti (PNH) ankouraje tout moun ki enterese pou yo pare dosye yo san pèdi tan epi rantre an kontakt ak sèvis DCPJ yo pou yo ka ranpli fòmalite sa yo daprè règleman administratif ak elektoral ki an vigè yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Premières condamnations en Syrie : peine de mort pour l’ex-président Assad

Un tribunal pénal de Damas a condamné mardi par contumace le président déchu Bachar al-Assad …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager