Jefnie Toussaint pran tèt FNE an ak sipò pati EDE

Nan yon Konsèy minis ki fèt madi 11 out 2026 sa, gouvènman an nonmen Jefnie Toussaint nan tèt Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE). Chwa sa a fèt avèk sipò politik konsèy pati EDE (Engaje pou Devlopman), pandan plizyè lòt chanjman fèt tou nan tèt lòt enstitisyon leta yo.

Jefnie Toussaint ranplase Colagène Élysée, ki kite enstitisyon an menm jan li te rive a. Chanjman sa a ap fèt nan yon moman kote anpil kritik ap tonbe sou fason gouvènman de fakto a ap dirije FNE. Dapre lwa ki te kreye enstitisyon sa a, Direktè Jeneral yo dwe gen yon manda byen fiks. Men jodi a, règleman sa yo pyetine, sa ki montre jan lwa yo pa gen okenn valè ankò nan peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Drame au Zimbabwe : lourd bilan après le naufrage d’un ferry sur le lac Kariba

Au moins 15 personnes sont mortes et au moins 27 autres sont portées disparues après …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager