Mondyal 2026: Espay kraze Otrich e file nan 8yèm de Final!

1Seleksyon nasyonal Espay la bay yon gwo leson foutbòl nan estad Los Angeles la, kote li koreksyone Otrich ak yon nòt klè (3-0) nan kad match 16yèm de final pou mondyal 2026 la. Viktwa sa a pèmèt chanpyon ewòp yo jwenn biyè yo byen fasil pou pwochen etap la.

Depi lè jwèt la kòmanse, jwè Luis de la Fuente yo montre se yo ki mèt teren an. Avèk yon milye teren ki te gen ladan li Pedri, Dani Olmo ak Rodri, Espay kontwole balon an jan li vle e li bay defans Otrich la anpil tèt chaje.

Premye gòl la vin rive nan 36yèm minit. Sou yon bèl aksyon kote Pedri ouvri jwèt la bay Marc Cucurella sou bò gòch, defansè a voye yon bèl pas atè nan bwat la, epi Mikel Oyarzabal mete pye li pou l voye boul la nan fon filè. Espay te ka menm double miz la anvan poz la si kou fran Álex Baena a pa te frape nan travès la.

Nan dezyèm mitan an, antrenè Otrich la, Ralf Rangnick, fè plizyè chanjman (tankou antre Arnautović ak Kalajdžić) pou wè si ekip li a ta reyaji, men sa pa te chanje anyen nan dominasyon panyòl la.
Nan 66yèm minit la, presyon La Roja a bay rezilta ankò. Álex Baena fè yon bèl sant ki jwenn defansè dwat la, Pedro Porro, ki bay yon bèl kout tèt pou li make dezyèm gòl la.

Pou fini ak rès espwa Otrich te ka genyen an, nan 89yèm minit la, Marc Cucurella (ki bay de pas gòl nan match la) sèvi Mikel Oyarzabal ankò nan zòn reparasyon an. Atakan Real Sociedad la pa te manke okazyon an pou l siyen yon doublé epi sele nòt la (3-0)

Rezime Gòl yo
⚽ 36′ : Mikel Oyarzabal (Espay)
⚽ 66′ : Pedro Porro (Espay)
⚽ 89′ : Mikel Oyarzabal (Espay)

Avèk bèl pèfòmans sa a, Espay poko pran okenn gòl depi konpetisyon an kòmanse. Nan 8yèm de final la, yo ap gen pou yo kwaze klewon ak gayan match ant Pòtigal ak Kwoasi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Laswis elimine Aljeri ak de kout kouto byen file

Seleksyon nasyonal Laswis la reyalize yon gwo operasyon nan kad Koup Dimond 2026 la lè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager